—Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé enskri non li nan Rejis Elektoral la 4 dawout 2026 nan Lise Petyonvil, pou ankouraje tout sitwayen ki gen yon Kat Idantifikasyon Nasyonal ki valab fè menm jan an. Li fè konnen enskripsyon an se yon devwa sitwayen ki pèmèt chak moun patisipe nan lavi demokratik peyi a.
Gouvènman an mande popilasyon an patisipe an kantite nan operasyon sa a epi li pwomèt kontinye sipòte Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) pou òganize eleksyon ki lib, enklizif, transparan ak kredib. Selon Primati a, enskripsyon elektè yo se yon etap enpòtan pou prepare pwochen eleksyon yo.
—Yon ansyen polisye ayisyen, Jean Robert Casimir, ki se yon sitwayen ameriken natiralize e ki rete Florid, plede koupab devan yon tribinal federal Ozetazini. Yo akize li dèske li te patisipe nan yon rezo ki te voye ilegalman omwen 140 zam ann Ayiti depi ane 2020.
Daprè Depatman Jistis ameriken, rezo a te kache fizi ak pistolè ki te demonte anndan gwo konpresè lè endistriyèl pou evite kontwòl otorite yo. Yo te voye konpresè sa yo pa bato soti nan rejyon Miami pou rive ann Ayiti.
Dosye sa a antre nan efò otorite ameriken yo ap fè pou konbat trafik zam k ap alimante vyolans ann Ayiti. Jean Robert Casimir ap tann desizyon tribinal federal la sou santans li.
—Polis Nasyonal Dayiti (PNH) anonse yo arete Laury Lacombe, yo rele « Tikreyòl », paske yo sispèk li gen relasyon ak Ralph Woodmyr Louissaint, alyas « Chalè », yon chèf gang otorite yo di ki fè pati kowalisyon « Viv Ansanm ».
Arestasyon an fèt nan nuit 1ye out 2026 nan Delmas 75, apre yon operasyon filati ki te mennen pa Biwo Afè Kriminèl (BAC) nan DCPJ. Dapre ankèt la, Tikreyòl ta gen yon relasyon ak Chalè epi yo sispèk li te patisipe nan kèk aktivite ki gen rapò ak fonksyònman gang lan.
Kounye a, li nan gadavi pandan polis la ap kontinye ankèt la pou verifye nivo enplikasyon li. PNH deklare li pral kontinye pouswiv tout moun yo sispèk ki soutni gang ame yo epi li mande popilasyon an kontinye kolabore ak fòs lòd yo lè yo bay enfòmasyon ki kapab ede idantifye ak arete lòt moun yo ap chèche.
—Sa fè deja de mwa depi James Boyard, chèf kabinè minis Defans lan, ak pitit fi li te kidnape. Fanmi an ap viv nan doulè, ant espwa ak dezespwa, pandan tan ap pase san yo pa jwenn yon solisyon.
Pandan semèn yo ap pase, atansyon piblik la sou dosye a ap diminye, men dèyè nouvèl la gen yon papa, yon pitit fi ak yon fanmi k ap soufri chak jou.
Ka sa a soulve gwo kesyon sou sekirite nan peyi a. Si menm yon moun ki pwòch yon otorite leta ka rete lontan nan men kidnapè, anpil moun ap mande ki pwoteksyon popilasyon an genyen.
James Boyard ak pitit fi li pa dwe tonbe nan oubli. Fanmi yo bezwen repons, epi tout efò dwe fèt pou jwenn yo. Yon sosyete ki vin abitye ak soufrans sitwayen li yo riske pèdi sans limanite li.
—Dapre yon rapò GARR pibliye 4 out 2026, ant janvye ak jen 2026, yo te depòte 141,720 moun tounen ann Ayiti. Pami yo, 140,018 te soti nan Repiblik Dominikèn, epi 1,702 te soti nan lòt peyi nan rejyon an. Chif sa a pi wo pase menm peryòd la an 2025, kote yo te konte 127,909 depòtasyon.
GARR fè konnen ogmantasyon sa a rive nan yon kontèks kriz sekiritè, ekonomik ak sosyal ki pouse anpil Ayisyen pran wout migrasyon ki riske. Rapò a mansyone tou entèsepsyon plizyè bato k ap transpòte migran ayisyen, sitou youn ki te pote 240 Ayisyen nan dlo Zile Turks ak Caicos. Òganizasyon an denonse vyolasyon dwa moun pandan kèk operasyon depòtasyon epi li avèti sitiyasyon sa a ap agrave difikilte imanitè sant k ap resevwa depòte yo ann Ayiti.
—Plizyè Ayisyen k ap viv Ozetazini anba Pwogram Pwoteksyon Tanporè (TPS) resevwa konvokasyon pou prezante devan sèvis imigrasyon (ICE) nan eta Ohio. Olye vizit administratif yo te espere a, kèk ladan yo resevwa yon braslè elektwonik nan pye epi yo oblije retounen devan tribinal imigrasyon.
Sitiyasyon sa a rive pandan administrasyon Donald Trump anonse li vle mete fen ak TPS pou Ayisyen yo. Si sa rive, anpil moun ka pèdi estati legal yo epi fè fas ak pwosedi ekspilsyon, menm si yo ap viv Ozetazini depi plizyè ane, yo travay, gen fanmi, epi yo pa gen dosye kriminèl. Mezi sa yo ogmante enkyetid pami kominote ayisyèn nan sou avni yo Ozetazini. Sous : Washington Post
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

