—Sitiyasyon sekirite a vin pi grav nan komin Gressier, espesyalman nan zòn Jasmin. Nan lannuit 18 pou rive 19 out, plizyè mesye ame ta mete dife nan prèske tout kay nan zòn nan, sa ki fòse anpil fanmi kouri kite lakay yo anba gwo laperèz.
Wout ki mennen nan zòn nan bloke, sa rann entèvansyon sekou yo prèske enposib. Rezidan yo mande otorite yo pou yo mete anplas yon entèvansyon rapid, tankou itilizasyon elikoptè oswa dròn, pou evakye blese yo epi pote sekou bay moun ki nan bezwen.
Gwoup ame yo mete gwo barikad ak wòch ansanm ak machin boule, sa ki fè Jasmin sanble ak yon fòtrès. Depi plizyè semèn, atak ak dife ap ogmante, pandan anpil fanmi ap kouri pou sove lavi yo.
Malgre prezans lapolis ak kèk inite espesyalize, fòs lòd yo sanble gen difikilte pou reprann kontwòl zòn yo. Rezidan yo denonse mank pwoteksyon ak reta nan entèvansyon otorite yo.
—Georges Duperval, pwopriyetè Night Club Iguana Café epi ansyen kandida pou meri Pòtoprens, mouri apre li te sibi gwo boule nan dife ki te pran nan biznis lan nan zòn Canapé-Vert nan lannuit 15 pou rive 16 out 2026.
Yo te admèt li lopital ak boule dezyèm degre, men li pa t rive sove anba blesi li yo. Dapre premye enfòmasyon yo, dife a ta sanble te kòmanse nan yon sit nan do Club la kote yo t ap boule fatra, anvan li te gaye pou rive sou etablisman an.
—Konsèy Elektoral Pwovizwa a òganize mèkredi tiraj osò pou bay pati politik yo nimewo. OPL jwenn nimewo 54, Rezilta Demokratik jwenn 53, Rasanble jwenn 105,
Fanmi Lavalas jwenn 44, Konbit Nasyonal jwenn 37, Ayiti an Aksyon jwenn 57, epi En Avant pour Haïti jwenn 85 pou n site sa yo selman .
Antretan, pati politik yo gen yon randevou jedi pou yo jwenn enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon kandida yo.
—Premye minis Alix Didier Fils-Aimé felisite Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak CARICOM pou sipò yo bay Ayiti. Li te pale konsa madi 18 out 2026, nan yon seremoni nan otèl El Rancho, Pòtoprens, ki te make fen misyon sekretè jeneral OEA a, Albert Ramdin, ann Ayiti.
Albert Ramdin te mete aksan sou bon jan echanj li te genyen ak gouvènman ayisyen an epi li konfime angajman OEA ak CARICOM pou akonpaye Ayiti. Premye minis la deklare Ayiti pa poukont li e tout rejyon an konsène ak retablisman peyi a.
Gouvènman an mete kat gwo priyorite devan li: retabli sekirite, retounen nan lòd konstitisyonèl, relanse ekonomi an epi ranfòse inite sosyal. Premye minis la di gouvènman an vle retabli otorite Leta epi kreye kondisyon pou òganize eleksyon. Li felisite tou travay PNH, FAd’H ak fòs reyaksyon rapid lapolis la.
—Nouvo Konsèy Administrasyon Bank Repiblik Ayiti (BRH) la enstale mèkredi 19 out 2026 nan Sant Konvansyon ak Dokimantasyon Antonio André, nan Pòtoprens. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te prezide seremoni an, kote plizyè manm gouvènman an, responsab BRH, reprezantan sektè finansye ak sektè prive te patisipe.
Nouvo ekip la, ki te nonmen 11 out 2026, gen Ronald Gabriel kòm gouvènè, Guerly Leriche kòm gouvènè adjwen, Florient Jean Mari kòm direktè jeneral, ansanm ak Michèle Delerme ak Edwige Jean kòm manm.
Premye Minis la mande nouvo administrasyon an pou l konsantre sou kat gwo priyorite: desann enflasyon anba 10 %, ranfòse estabilite finansye ak ekonomik peyi a, modènize sistèm nasyonal peman an, epi fè avanse pwojè mache finansye a pandan y ap soutni kwasans ekonomik.
—Nan okazyon Jounen Mondyal Èd Imanitè, Gwoup Sipò pou Moun Rapatriye ak Refijye (GARR) lanse yon gwo avètisman sou sitiyasyon difisil Ayiti ap travèse a.
Ensekirite gang ame yo lakòz anpil fanmi oblije kite lakay yo. Sitiyasyon an vin pi grav akoz povrete ak mank sèvis debaz, sa ki mete popilasyon ki pi vilnerab yo nan gwo difikilte.
GARR fè konnen ensekirite a afekte travay òganizasyon imanitè yo tou, paske ajan k ap ede moun ki nan bezwen yo ekspoze ak gwo risk. Òganizasyon an mande pou yo pwoteje travayè imanitè yo pou yo kapab kontinye bay asistans.
Anplis kriz entèn nan peyi a, GARR mete aksan sou menas ekspilsyon ki peze sou plis pase 300,000 Ayisyen Ozetazini, apre fen pwoteksyon TPS la. Sa ka agrave sitiyasyon anpil fanmi ayisyen ki deja vilnerab.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

