—Inyon Ewopeyen an anonse, lendi 16 novanm 2026 la, sanksyon kont kat gwoup ame ann Ayiti pou vyolasyon grav dwa moun. Gwoup ki konsène yo se 5 Segond, Gran Ravin, Kraze Baryè ak 400 Mawozo.
Dapre Konsèy Inyon Ewopeyen an, gwoup sa yo enplike nan plizyè krim, tankou asasina, vyòl, kidnapin ak vyolans seksyèl. Enstitisyon an denonse tou rekritman timoun nan gwoup ame yo ak atak kont enfrastrikti sanitè ak sèvis imanitè.
Konsènan gwoup Gran Ravin nan, ki anba direksyon Renel Destina, alyas Ti Lapli, Inyon Ewopeyen an rapòte plizyè atak ki lakòz lanmò sivil, deplasman popilasyon ak difikilte pou moun jwenn sèvis esansyèl.
Sepandan, desizyon sa a relanse deba sou efikasite sanksyon entènasyonal yo. Pandan gwoup ame yo kontinye reprezante yon menas pou popilasyon an, kesyon an rete sou mezi konkrè ki kapab diminye kapasite yo epi retabli sekirite nan peyi a.
—Fòs Represyon Gang yo (FRG) anonse yo touye senk prezime manm gang pandan yon operasyon nan zòn Kanfis, nan nò Gwomòn, depatman Latibonit, dimanch 15 novanm 2026.
Pandan operasyon an, fòs yo sezi zam, minisyon ak de motosiklèt. Yo demantle plizyè barikad ak tranche ki te bloke Wout Nasyonal nimewo 5 (RN5).
Anplis, yo repran kontwòl yon legliz ak yon lekòl gwoup ame yo te okipe pou sèvi kòm pozisyon defans. Apre entèvansyon an, FRG deklare yo sekirize zòn nan epi relouvri pasaj sou koridò estratejik sa a.
FRG fè konnen operasyon yo ap kontinye nan objektif pou retabli otorite Leta a nan zòn nan.
—Nèf moun mouri nan yon atak gwoup ame fè nan lokalite Robert, nan katriyèm seksyon kominal Allouère, Sen Mak, nan lannuit vandredi 13 pou rive samdi 14 novanm 2026. Dapre òganizasyon Konbit ba Latibonit (KONBA), atakan yo boule kadav viktim yo ansanm ak plizyè kay ak motosiklèt.
Atak la atribiye ak nèg ame ki soti nan baz Gran Grif. Selon KONBA, gwoup la kontinye okipe zòn nan, sa ki mete popilasyon an nan gwo ensekirite.
An repons, òganizasyon an mande fòs sekirite yo entèvni nan Savien ak lòt zòn kote gwoup ame ap opere, tankou Lestè, Laskawobas, Monwi ak Kabarè. Li mande tou pou yo atake baz Kokorat San Ras, Taliban, 400 Mawozo ak baz Segond Izo.
Pandanstan, Mouvman pou Sekirite Bas Latibonit (MOSEBA) anonse yon manifestasyon pou 18 novanm. Mobilizasyon sa a pral montre solidarite mouvman an ak prezidan salvadoryen Nayib Bukele, nan yon moman kote gen plizyè apèl pou plis patisipasyon fòs salvadoryèn yo nan batay kont gang ann Ayiti.
—Fòs Represyon Gang yo (FRG) sezi 18 zam ak plizyè minisyon pandan yon operasyon kont gwoup ame nan Fò Dimanch, nan komin Site Solèy, vandredi 13 novanm 2026.
Dapre FRG, yon echanj kout zam te fèt ant sòlda yo ak manm yon gang. Pandan konfwontasyon an, yon sispèk bandi mouri. Sepandan, konplis li yo te pote kadav li ale.
Anplis zam ak minisyon yo, fòs sekirite yo dekouvri yon depo zam ak yon atelye kote yo repare zam afe.
—Gouvènman ayisyen an ap patisipe nan dezyèm edisyon Konferans entènasyonal sou Leta ak demokrasi a, k ap dewoule 16 ak 17 novanm 2026 nan San Salvador, nan peyi Salvadò.
Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, reprezante Ayiti nan rankont sa a sou demann Premye minis Alix Didier Fils-Aimé.
Konferans lan reyini responsab politik, diplomat ak ekspè pou diskite sou gouvènans, sekirite, demokrasi ak ranfòsman enstitisyon yo.
Nan okazyon an, gouvènman an vle mete devan priyorite Ayiti yo, sitou nesesite pou retabli otorite Leta, ranfòse enstitisyon repiblikèn yo epi respekte prensip Leta de dwa.
Anplis, patisipasyon sa a vize ranfòse prezans Ayiti nan diskisyon entènasyonal sou demokrasi, estabilite ak koperasyon, pandan l ap defann souverènte ak enterè estratejik peyi a.
Konferans lan ap fini madi 17 novanm nan San Salvador.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

