Tranblemanntè 12 janvye 2010 la rete youn nan pi gwo katastwòf natirèl ki frape peyi Ayiti. Anviwon katrè nan laprè midi, latè te tranble avèk yon fòs ki te pote ale lavi anpil Ayisyen, yon gwo chif, kraze vil, fanmi, rèv ak espwa. Jou sa a make konsyans kolektif pèp ayisyen an pou tout tan.
Aprè dram sa a, Ayiti te resevwa yon gwo vag solidarite ak sipò nan men patnè entènasyonal yo. Te gen anpil opòtinite pou rebati peyi a, relanse enstitisyon yo, epi mete baz yon devlopman dirab. Malerezman, akòz move gouvènans, koripsyon, ak zak moun san konsyans ni lanmou pou peyi a, anpil nan resous sa yo te gaspiye.
Yo di 300 mil moun mouri, malgre gwose chif sa a, yo pa janm fè anyen ni nou pa chanje fason nou viv, fason pou nou devlope peyi’n ni fason pou nou valorize moun. Nou vini pi mal nan imanite nou. Finalman yo di se 60 mil ki te mouri a, men sa pa chanje pi rèd. Chif sou chif, kòb sou kòb, dekesman tout kote tout koulè kontinye fete la viktwa nan koripsyon sou do pèp la.
Jodi a, 16 lane aprè katastwòf sila, Ayiti poko janm rive reprann chemen pwogrè. Okontrè, peyi a sanble ap fè plis pa dèyè pase pa devan. Sa montre nou kijan bon jesyon, responsabilite ak lanmou pou byennèt kolektif la pa enpòtan pou dirijan yo nan lavi yon nasyon an.
Nan moman sa a, nou voye senpati pwofon bay tout fanmi ak zanmi viktim tranblemanntè 12 janvye a. Nou sonje yo ak respè, epi nou priye pou nanm yo repoze anpè.
Ke Bondye ban nou fòs, sajès ak kouraj pou nou bati yon nouvo Ayiti: yon Ayiti ki aprann nan erè li yo, ki chwazi onètete, inite ak devlopman pou lavni pitit li yo.
Daniel Veillard
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp


