Chak 28 oktòb, nou selebre Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la. Se yon okazyon pou nou reflechi sou plas lang nou an nan sosyete a, sou valè li ak sou responsablite nou genyen pou nou fè li vanse. Men, gen yon kontradiksyon nou pa ka kontinye inyore : nou fyè dèske nou pale kreyòl, men anpil nan nou pa bay fason nou ekri li menm enpòtans lan.
Sou rezo sosyal yo, nan medya yo, nan dokiman pwofesyonèl ak nan divès piblikasyon, nou rankontre anpil tèks kote mo yo ekri san respè pou prensip òtograf kreyòl la. Gen moun ki ekri jan yo vle, jan yo tande mo yo oswa jan yo abitye wè yo ekri, san yo pa janm chèche konnen si sa yo ekri a kòrèk. Pi gwo pwoblèm nan se pa erè yo sèlman, men se lefètke gen moun ki sanble pa wè okenn nesesite pou yo aprann ekri lang pa yo kòrèkteman.
Lang kreyòl la gen òtograf li, gramè li ak prensip ki òganize fason nou ekri li. Li merite menm konsiderasyon ak nenpòt lòt lang. Lefètke nou pale li depi nou piti pa vle di nou otomatikman metrize tout prensip ki gouvène ekriti li. Pale yon lang ak ekri li se de konpetans ki mache ansanm, men ki mande aprantisaj.
Nou pa ka mande pou kreyòl la gen plis plas nan lekòl, nan inivèsite, nan administrasyon piblik ak nan pwodiksyon syantifik, si nou menm ki pale li chak jou pa fè efò pou nou metrize ekriti li. Nou pa ka mande lòt moun respekte lang nou an pandan nou menm nou neglije aprann prensip ki pèmèt nou ekri li kòrèkteman.
Responsablite sa a konsène tout moun, sitou pwofesè, jounalis, ekriven, etidyan ak moun ki gen anpil enfliyans sou rezo sosyal yo. Chak tèks nou pibliye kapab sèvi kòm yon zouti pou fè moun aprann, men li kapab kontribye tou nan gaye move abitid nan ekriti.
Sa pa vle di nou dwe pase moun nan betiz pou erè yo fè. Okontrè, nou dwe ankouraje yo aprann, li plis, sèvi ak diksyonè epi konsilte referans ki serye sou òtograf kreyòl la. Se pa wont ki fè yon moun ekri pi byen, se konesans ak volonte pou li aprann.
Nan dat 28 oktòb sa a, annou pa limite nou ak bèl diskou sou richès lang kreyòl la. Annou montre lanmou nou pou li nan fason nou sèvi avè l, nan fason nou ekri li ak nan efò nou fè pou nou transmèt li kòrèkteman bay jenerasyon k ap vini yo.
Kreyòl se lang nou, se idantite nou. Men, pou nou fè li respekte, fòk nou menm tou nou aprann respekte règ li yo.
Jameson Joseph
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp
