—Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, fè konnen deplwaman sòlda peyi li an Ayiti a pa vize pèp ayisyen an. Dapre li, operasyon an gen yon sèl objektif: jwenn kat teknisyen ayewonotik ki disparèt depi 18 oktòb la nan Santo, Kwadèboukè.
Nan yon mesaj li pibliye jedi 29 oktòb 2026 sou rezo sosyal X, an kreyòl, Bukele ensiste pou l di peyi li pa gen okenn entansyon anvayi Ayiti, domine teritwa a oswa pran richès li yo.
Li fè konnen tou Salvadò pa chèche okenn avantaj ekonomik nan operasyon an epi l ap pran pi fò nan depans yo sou kont li, malgre resous limite peyi a.
Anplis, prezidan an presize deplwaman sòlda ak ekipman militè yo prèske fini. Li akonpaye mesaj li a ak yon videyo ki montre kèk nan militè yo sou teren an.
Kat teknisyen ayewonotik yo te disparèt 18 oktòb 2026, apre yon anbiskad nan zòn Santo, nan komin Kwadèboukè. Jiskaprezan, okenn gwoup ame pa pran responsabilite pou zak sa a.
Nan Santo, soti Santo 9 rive Santo 17, jouk nan zòn Chada, gwoup ame yo ta ap fòse jèn antre nan gang yo anba menas lanmò. Dapre yon sous, moun ki vle kite zòn nan oblije peye ant 1 000 ak 1 500 goud pou travèse baraj gang yo.
Sous la fè konnen gang yo mete plizyè pòs kontwòl sou wout yo. Sitiyasyon sa a rann deplasman popilasyon an difisil. Pandanstan, jèn ki refize pran zam ta ekspoze ak menas egzekisyon.
Li fè konnen gen anpil moun ame nan Santo 17, sitou jèn ak granmoun. Menm fanmi ak konpayon manm gang yo ta ap kite zòn nan. Sepandan, sous la pa bay detay sou kantite moun ki deplase ni kote yo ale.
Anplis, operasyon lapolis yo ta vin pi souvan depi yo te fè konnen sòlda salvadoryen disparèt nan zòn nan. Dapre temwayaj la, kout zam ak eksplozyon, kèk ladan yo sous la atribiye ak dròn, lakòz lanmò ak blese nan mitan manm gwoup ame yo. Sepandan, pa gen okenn bilan ki verifye.
—1 189 nouvo polisye ki soti nan 37yèm pwomosyon an antre nan Polis Nasyonal Ayiti (PNH). Avèk nouvo rekrit sa yo, pwogram ameriken P-4000 lan rive fòme plis pase 3 200 polisye depi lansman li an oktòb 2025.
Nan yon kominike ki pibliye vandredi 30 oktòb 2026 la, Anbasad Etazini nan peyi Ayiti salye nouvo pwomosyon an. Pwogram nan benefisye plis pase 25 milyon dola finansman ameriken. Objektif li se rekrite, fòme epi ekipe plis pase 4 000 polisye anvan prentan 2027.
Dapre anbasad la, nouvo polisye yo pral ede konbat gwoup ame yo, pwoteje enfrastrikti enpòtan yo epi sekirize prensipal wout peyi a. Yo pral travay ansanm ak inite espesyalize PNH la, Fòs Lame Ayiti (FAd’H) ak Fòs pou Repwesyon Gang yo (FRG).
Sepandan, ogmantasyon kantite polisye yo fèt nan yon moman kote ensekirite a toujou ap fè viktim. Plizyè zòn rete anba menas gwoup ame yo, pandan anpil fanmi kontinye ap deplase akoz vyolans.
—Inyon Ewopeyen an (UE) mande pou respekte sanksyon entènasyonal yo nan kad pwochen eleksyon yo ann Ayiti. Nan yon kominike ki soti jedi 29 oktòb 2026 la, òganizasyon an fè konnen mezi sa yo enpòtan pou pwoteje entegrite ak kredibilite pwosesis elektoral la.
UE a soutni òganizasyon eleksyon lib, transparan ak demokratik. Sepandan, li raple sanksyon ki vize moun yo akize dèske yo menase lapè, sekirite, estabilite ak demokrasi ann Ayiti. Pozisyon sa a vini nan yon moman kote nouvo vèsyon dekrè elektoral la retire restriksyon ki te anpeche moun ki anba sanksyon patisipe nan eleksyon yo.
Sou kesyon sekirite a, Inyon Ewopeyen an salye desizyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an pran pou pwolonje manda Fòs pou Represyon Gang yo (FRG) jiska 31 mas 2027. Dapre òganizasyon an, fòs sa a kapab ede kreye kondisyon sekirite ki nesesè pou òganize eleksyon yo.
Anplis, UE a eksprime solidarite li ak peyi Salvador apre disparisyon kèk militè salvadoryen ann Ayiti. Li reyafime tou volonte li pou kontinye kolabore ak patnè entènasyonal yo, sitou OEA, pou ranfòse Polis Nasyonal d Ayiti (PNH).
Koperasyon sa a prevwa, pami lòt bagay, mete sou pye senk baz operasyonèl avanse pou akonpaye operasyon PNH ak FRG ap mennen ansanm.
—Apre Inyon Ewopeyen an, Kanada eksprime enkyetid li sou patisipasyon kèk pèsonalite ayisyen ki anba sanksyon entènasyonal nan pwochen eleksyon yo. Dapre Ottawa, prezans yo nan kous elektoral la ka febli konfyans popilasyon an nan pwosesis la.
Nan yon deklarasyon ki pibliye vandredi 30 oktòb 2026 la, gouvènman kanadyen an raple sanksyon sa yo gen rapò ak vyolans, koripsyon, vyolasyon dwa moun ak destabilizasyon peyi a. Pami pèsonalite ayisyen ki anba sanksyon Kanada yo genyen ansyen prezidan Michel Martelly.
Anplis, Ottawa mande otorite ayisyen yo, sitou Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), pou aplike lwa ak règleman elektoral yo san patipri. Li ankouraje aktè politik yo pran responsablite yo epi mete enterè peyi a an premye.
Pozisyon sa a vini yon jou apre Inyon Ewopeyen an te fè yon deklarasyon menm sans lan. Konsa, de patnè entènasyonal sa yo mete aksan sou nesesite pou pwoteje entegrite ak kredibilite pwochen eleksyon yo ann Ayiti.
—KEP a pibliye yon nouvo kalandriye pou òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti. Selon dokiman sa, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo ta fèt 18 jiyè 2027, pandan dezyèm tou a prevwa pou 4 oktòb menm ane a.
Dapre dokiman an, premye tou a ap gen ladan l tou yon ratifikasyon popilè. Dezyèm tou a, bò kote pa l, ap fèt ansanm ak eleksyon pou kolektivite teritoryal yo. Sepandan, KEP a poko konfime ofisyèlman dat sa yo.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

