—Nan rapò final li sou Ayiti, ki gen referans S/2026/714, Gwoup ekspè Nasyonzini an di kapasite gang yo pa depann sèlman de chèf ak konbatan yo. Dapre rapò a, gen rezo politik, ekonomik ak sekirite ki ta ede kèk gwoup ame jwenn lajan, zam, enfòmasyon ak pwoteksyon.
ONU di enfliyans gang yo nan zòn metwopolitèn nan ta bese soti anviwon 85% pou rive 70% depi desanm 2025, men ekspè yo avèti pwogrè sa yo rete frajil. Yo rapòte tou asasina, kidnaping, ekstòsyon, vyolans seksyèl, rekritman timoun ak gwo deplasman popilasyon.
Pèsonalite rapò a site
Rosemila Petit-Frère, ansyen majistra Arcahaie ak bizniswoman, mete an koz pou lyen li ta genyen ak kèk chèf gang, sitou Renel Destina, alyas “Ti Lapli”, ak Jean Gardy, alyas “Pece Pim Pim”. Dapre ekspè yo, li ta bay enfòmasyon sou operasyon lapolis epi kèk antrepriz li posede ta sèvi nan sikilasyon lajan yo konsidere kòm ilegal. Rosemila Petit-Frère rejte akizasyon yo, men ekspè yo di yo te kenbe konklizyon yo apre yo fin egzamine repons li.
Alfrédo Junior Antoine, ansyen depite Kenscoff, akize nan rapò a kòm youn nan moun ki ta òganize oswa soutni atak ame nan Kenscoff. Ekspè yo site relasyon li ta genyen ak Dady Paul, alyas “Didy”, ansanm ak lòt manm Viv Ansanm. Rapò a di li ta bay zam, minisyon ak resous finansye bay gwoup ame yo. Alfrédo Antoine te rejte akizasyon sa yo.
Nenel Cassy, ansyen senatè Nippes, site tou nan rapò a pou lyen li ta genyen ak plizyè gwoup ame, tankou Ti-Makak, G-Pèp ak Kraze Baryè, gwoup Vitelhomme Innocent ap dirije dapre rapò a. Ekspè yo di li ta òganize reyinyon ki te mennen nan atak nan Kenscoff. Rapò a presize li pa t voye repons bay ekspè yo lè dokiman an t ap prepare.
Jean-Charles Moïse, ansyen senatè, site nan youn nan eleman rapò a konsènan yon rezo ki ta enplike nan kontrebann sivèl, sa vle di ti angiy, pou ale ann Azi atravè Repiblik Dominikèn.
Prophane Victor ak Magalie Habitant parèt tou nan rapò a kòm pèsonalite ki ta resevwa oswa fè pati rezo ki gen enfòmasyon konfidansyèl, selon eleman ekspè ONU yo rapòte. Magalie Habitant dekri kòm yon entèmedyè ant kèk responsab politik, biznisman ak gang.
Lòt gwo konsta rapò a
Rapò a di yon pati nan minisyon gang yo ta soti nan stock ki pèdi oswa revann, pandan zam ta kontinye antre ann Ayiti depi Etazini. Ekspè yo pale tou de fwit enfòmasyon nan sektè sekirite a, detounman lajan ak feblès nan aplikasyon sanksyon entènasyonal yo.
ONU di sèlman anviwon 3 300 dola te jele ann Ayiti nan kad sanksyon ki vize moun ki lye ak kriminalite.
Ekspè yo rapòte plis pase 600 moun te mouri nan Cité-Soleil ak Plaine-du-Cul-de-Sac nan kontèks batay ant gwoup ame. Nan Bas-Artibonite, yo site plis pase 95 sivil ki ta mouri nan vyolans ki asosye ak gang Gran Grif, Kokorat San Ras ak Canaan.
Nan Kenscoff, rapò a di atak ki te fèt ant 4 ak 9 jiyè 2026 te fè omwen 61 moun mouri epi deplase anviwon 5 800 moun.
An jeneral, ONU mande pou operasyon kont gang yo pa konsantre sèlman sou chèf gang yo, men pou yo vize tou rezo ki ta bay yo finansman, zam, enfòmasyon ak sipò lojistik. Li rekòmande plis kontwòl sou zam ak minisyon, ranfòsman PNH ak Fòs Lame d Ayiti, ansanm ak pi bon aplikasyon rejim sanksyon Nasyonzini yo.
—Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) anonse li pwolonje jiska 31 oktòb 2026 delè pou kandida yo enskri sou entènèt epi depoze dokiman ki nesesè pou patisipe nan eleksyon yo.
CEP pran desizyon sa a apre konsiltasyon ak aktè politik yo ansanm ak chanjman ki fèt nan dekrè elektoral 2 jen 2026 la.
An menm tan, kanpay elektoral la ranvwaye. CEP poko anonse nouvo dat pou kòmansman ak fen kanpay la. Dat sa yo pral parèt nan yon nouvo kalandriye elektoral ki ap prepare an konsiltasyon ak pati ak gwoup politik ki konsène yo.
CEP fè konnen li ap travay pou finalize epi pibliye nouvo kalandriye a pi vit posib. Pandanstan, enskripsyon elektè yo ap kontinye, epi enstitisyon an ankouraje sitwayen ki kalifye yo pou fè demach ki nesesè yo.
CEP di li vle kontinye dyalòg ak aktè politik yo epi prepare eleksyon ki kredib, transparan ak enklizif.
—Ansyen jij ak ansyen doyen Kou Kasasyon an, Joseph Mécène Jean-Louis, mouri a laj 77 an. Li te fèt 6 mas 1949 nan Marchand-Dessalines e li te pase plizyè dizèn ane nan sistèm jidisyè ak nan ansèyman dwa ann Ayiti.
Li te travay kòm avoka, ranplasan komisè gouvènman ak jij, anvan li te antre nan Kou Kasasyon an an novanm 2011. Li te rete nan enstitisyon an jiska fevriye 2021, pandan li t ap anseye dwa epi dirije Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv.
Non li te vin plis nan nouvèl nan mwa fevriye 2021, lè yon pati nan opozisyon an te chwazi li pou dirije yon tranzisyon politik, nan mitan kriz sou manda prezidan Jovenel Moïse. Li te aksepte wòl sa a, men gouvènman an pa t rekonèt li.
Nan dat 8 fevriye 2021, Jovenel Moïse te pran yon arete pou mete Joseph Mécène Jean-Louis ansanm ak de lòt jij Kou Kasasyon an retrèt. Yo te pran tou yon mezi ki te anpeche li kite peyi a, men mezi sa a te leve nan mwa septanm 2021.
Joseph Mécène Jean-Louis kite dèyè li yon long karyè nan lajistis ak ansèyman dwa. Lanmò li fè Ayiti pèdi yon ansyen gwo majistra ki te jwe yon wòl enpòtan nan lavi jidisyè peyi a.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

