—Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, anonse yon fon espesyal 1 milyon dola pou fanmi twa sòlda salvadoryen ki pèdi lavi yo pandan yon misyon ann Ayiti.
Sòlda ki mouri yo se lyetnan Cristian Daniel Palacios Santos ak kaporal Emerson Alexander Zepeda Zelada ak Wilber Manuel Serrano Medina. Dapre enfòmasyon yo, lanmò yo rive aksidantèlman pandan yon misyon.
Chak fanmi ap resevwa yon premye èd 200 000 dola, sa ki reprezante 600 000 dola pou twa fanmi yo.
Anplis, Bukele renouvle angajman gouvènman li pou akonpaye sòlda salvadoryen ki toujou deplwaye ann Ayiti. Li rann omaj ak twa militè yo epi deklare sakrifis yo pap janm bliye.
—Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye operasyon li yo nan Matissan pou kraze baz gang ame yo epi debloke Wout Sid la.
Avèk sipò Task Force la, plizyè inite espesyalize nan PNH la lanse yon gwo operasyon nan zòn nan. Dapre Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP), anviwon 54 bandi mouri pandan entèvansyon an.
Objektif operasyon sa yo se mete gwoup kriminèl yo an echèk, retabli sekirite epi pèmèt popilasyon an reprann aktivite nòmal li yo.
Anpil gang komanse ap lage pye yo, nan Jeremi la Polis arete yon chef gang ki te vin kache nan depatman Grand’Anse lan. Nan Beladè popilasyon an bay bandi 400 mawozo bwa kale. Epi plizyè jounal Jamayiken anonse yon ventèn manm gang ta vin kache, fos lod yo ap chache yo kou chen fou.
—Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), avèk sipò Task Force, lanse yon operasyon kont pozisyon gang Chrisla ak Ti Lapli yo byen bonè dimanch 22 novanm 2026 la, nan Matisan. Entèvansyon an te vize sitou zòn Matisan 19 ak Matisan 23.
Dapre enfòmasyon ki rapòte yo, operasyon an te kòmanse depi 3è nan maten. Plizyè dròn ta mobilize tou pou vize pozisyon gwoup ame ki asosye ak kowalisyon kriminèl « Viv Ansanm » nan.
Entèvansyon sa a antre nan kad operasyon PNH ak Task Force ap mennen kont gang yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens, sitou nan katye ki nan sid kapital la.
Sepandan, otorite yo poko pibliye okenn bilan ofisyèl. Kidonk, kantite viktim, arestasyon ak rezilta operasyon an poko konfime.
—Sis prezime manm gang mouri, pandan senk fizi gwo kalib sezi, nan yon operasyon Fòs pou Represyon Gang yo (FRG), dimanch 22 novanm 2026, toupre pon Marasa, nan Tabarre.
Dapre FRG a, operasyon an te vize febli gwoup ame yo epi pwoteje zòn estratejik yo. Pandanstan, twoup yo kontinye entèvansyon yo nan Site Solèy ak nan nò komin Gwo Mòn, nan depatman Latibonit.
—Fòs pou Represyon Gang yo (FRG) mennen operasyon nan Site Solèy, Tabarre ak Gwo Mòn, nan Latibonit, dimanch 22 novanm 2026. Dapre bilan fòs la, yon prezime manm gang mouri, yon lòt blese. Sòlda yo sezi yon zam, yon grenad ak yon telefòn.
Nan Site Solèy, militè yo te atake yon bilding yo sispèk ki sèvi kòm refij pou manm gang ak zam. Sepandan, yo te jwenn kout zam pandan entèvansyon an. Kòm repons, sòlda yo touye yon moun ame epi blese yon lòt.
Apre operasyon an, militè yo demoli bilding lan pou anpeche gang yo repran kontwòl li.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

