—Nan aswè jedi 23 jiyè 2026, moun ame kidnape Écclésiaste Télémaque, Direktè Kabinè Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, nan Delmas 31, pandan li t ap retounen lakay li apre travay. Kidnaping sa a rive malgre efò gouvènman an, Polis Nasyonal la ak Task Force la ap fè pou konbat ensekirite.
Se dezyèm Direktè Kabinè yon minis ki kidnape nan dènye mwa yo, apre James Boyard, Direktè Kabinè Minis Defans lan, ki te kidnape 11 jen 2026 sou wout Bourdon.
—Nan aswè jedi 23 jiyè a, yon gwoup bandi ame ki soti Gressier atake zòn Petite-Anse, nan 6e seksyon kominal Anse-à-Galets, sou zile La Gonâve. Atak la te fèt anviwon 10è nan aswè, sa ki te lakòz panik pami moun ki rete nan zòn nan.
Dapre vis-delege awondisman La Gonâve a, Ednel Désir, bandi yo piye plizyè kay, kraze biznis epi maltrete kèk abitan. Yo te pran yon jèn gason yo rele Wildes Similien pou fòse l sèvi kòm gid pou mennen yo jwenn kay yon biznisman ak CASEC seksyon an, Olritch Alexis.
Lè jèn gason an te refize montre yo kay CASEC la, yo bat li anpil epi jete l nan lanmè. Li te rive siviv anba zak sa a.
—Nan yon kominike Depatman Jistis mete deyò, jedi 23 jiyè 2026 la, Keegan Harricharan ki soti Coral Springs, Florida, nan peyi etazini e ki te plede koupab nan dosye a, te rive ranmase plis pase 840,000 dola vèt kou powo pou sèvi kòm finansman nan konplo asasina prezidan Jovenel Moïse. Keegan te jwenn lajan sa a zòn mwa jen 2020, nan kad prè gouvènman an tap bay pandan Kowonaviris la, ki rele PPP-Loan.
Selon sa ki di nan dokiman jidisyè yo, endividi sa a ki gen 42 lane, te kolabore ak Arcangel Pretel Ortiz, Antonio Intriago, Walter Veintemilla, James Solages, Christian Emmanuel Sanon poun site sa yo sèlman, pou te kapab blanchi lajan sa a yo pran nan men gouvènman ameriken. Depatman jistis di, Keegan te aksepte itilize pwòp antrepriz pa l ki rele TNR Holding Group Inc., ki baze nan Sid Florida, pou te resevwa epi distribye lajan sa bay lòt konplotè yo pou egzekite plan yo a.
Poutèt li pran lajan leta federal pou blanchi lajan nan kad yon konplo pou asasinen Jovenel Moïse, endividi sa a pral pase 20 lane nan prizon, e se jij Jacqueline Becerra kap mennen dosye a nan tribinal federal Miami, ki pwononse santans lan, daprè Le Nouvelliste.
—Nan yon konferans pou di orevwa li te bay 23 jiyè 2026, Henry Wooster, ki se te chèf misyon Etazini an Ayiti, di gen kèk polisye ki gen lyen ak gang, e li fè konnen sa se yon reyalite anpil moun deja konnen. Li mande Polis Nasyonal Dayiti (PNH) pou pran mezi pou retire move eleman ki nan kò a.
Li ajoute pwoblèm nan pa limite sèlman ak lapolis, paske selon li, gen kèk aktè politik ak manm sektè prive ki ta enplike tou. Li ensiste sou enpòtans kraze rezo sa yo pou konbat ensekirite, epi li ankouraje tout sektè nan sosyete a pou sipòte efò sa yo, pou ranfòse konfyans nan enstitisyon sekirite yo epi diminye enfliyans gang yo ann Ayiti.
—Konsèy Elektoral Pwovizwa a soumèt kalandriye elektoral la bay gouvènman, 23 jiyè 2026 la. Nan kalandriye sa a, KEP a prevwa òganizasyon premye tou eleksyon yo 13 desanm 2026, dezyèm tou, 21 fevriye 2027. Selon dokiman sa a, Ayiti ta dwe gen eli nan tout pòs elektif yo, 12 mas 2027. Kalandriye a prevwa peryòd enskripsyon pou kandida yo, 20 dawout rive 2 oktòb 2026. Kanpay elektoral premye tou lejislatif ak prezidansyèl yo : 5 oktòb pou 12 desanm 2026.
Rezilta definitif premye tou yo dwe pibliye 9 janvye 2027. Peryòd kanpay elektoral pou dezyèm tou yo se pou 10 janvye rive 20 fevriye 2027, epi 21 fevriye se jou dezyèm tou lejislatif ak prezidansyèl yo, melanje ak pa kolektivite teritoryal yo. Rezilta preliminè eleksyon lejislatif ak prezidansyèl yo fikse pou 21 fevriye epi definitif yo 7 mas. Rezilta definitif pou kolektivite yo prevwa pou 12 mas.
—Nan dat 23 jiyè 2026, Gouvènman Ayiti a rann omaj ak 30 pwofesyonèl lasante ki te patisipe nan yon misyon imanitè ann Venezyela apre tranblemanntè a. Pandan 14 jou, ekip la te travay ansanm ak otorite sante venezyelyèn yo, kote yo te fè 325 operasyon chirijikal, ede relouvri yon sal operasyon ki te fèmen depi de zan, epi bay sipò sikolojik pou anviwon 1,700 moun.
Delegasyon an te livre tou 5.5 tòn ekipman medikal ak 7 tòn manje pou ede moun ki viktim dezas la. Pandan seremoni an, Minis Sante Piblik la ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé salye kouraj ak devouman brigad medikal la, pandan yo te remèt chak manm yon sètifika rekonesans pou sèvis yo rann nan misyon solidarite sa a.
—Bank Repiblik Ayiti (BRH) oganize 2yèm edisyon Jounen Syantifik Fon BRH pou Rechèch ak Devlopman (FRD-BRH) nan Petyonvil. Objektif inisyativ sa a se ankouraje rechèch syantifik pou ede devlopman peyi a.
Aktivite a rasanble responsab leta, inivèsitè, chèchè ak lòt aktè syantifik pou diskite sou fason pou amelyore pwodiksyon ak itilizasyon konesans pou reponn ak defi ekonomik, sosyal ak enstitisyonèl Ayiti. BRH fè konnen li kontinye angaje l pou sipòte rechèch syantifik kòm yon zouti enpòtan pou devlopman peyi a.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

