Ensekirite ak Zak Vyolans
-
Pernier, Tabarre: Gang ki soti nan 400 Mawozo fè gwo atak. Yo touye omwen 8 moun, boule plizyè kay. Pèp la ap viv nan laperèz.
-
Torcel: Lapolis lanse operasyon kont gang « Kraze Baryè » ki anba men Vitelhomme Innocent. Yo sezi zam, minisyon, ak mwayen kominikasyon. Gen gangye ki blese.
-
Port Caribbean: Lakou Apèl deside relouvri dosye zam Legliz Episkopal Ayiti. Jij Noé Masillon Pierre ap mennen ankèt kont Fritz Désiré ak Frantz Cole.
Politik ak Eleksyon
-
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te vizite yon depo kote yo sere materyèl elektoral: tablèt, bwat vòt, pwodui netwayaj, dra, kousen elatriye.
-
Objektif: Prepare pou referandòm ak eleksyon.
-
Li vizite tou baz FAd’H pou lanse fòmasyon militè. 150 jenn pral ale Meksik pou aprann defann peyi a.
Sezon Siklòn lan lanse
-
Ofisyèlman louvri 1e jen 2025. CPT ak Fritz Alphonse Jean mande tout otorite ak kominote yo prepare abri, plan sekou, ak edikasyon kont dezas.
-
Gouvènman an mete bidjè espesyal pou sezon siklòn lan.
Legliz Katolik nan kriz
-
Nan Legliz Sen Mak (Nissage Saget), fidèl yo manifeste kont pè Venel Suffrard. Yo akize l de vyolans, otoritaris, epi yo bloke mès la.
-
Fidèl yo mande otorite relijye voye lòt prèt.
Nouvèl Vatikan
-
Pap Leon XIV mete aksan sou fanmi ak maryaj kòm baz lapè nan mond lan. Li lanse apèl pou tout legliz mete sa nan sant misyon yo.
Ronald André