Petyonvil, 15 desanm 2025. Ministè Komès ak Endistri (MCI) ansanm ak Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) mete tèt yo ansanm pou lanse yon pwojè ki vize rann sèvis piblik yo pi fasil pou pwofesyonèl yo jwenn. Seremoni an te fèt devan Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, minis MCI a, James Monazard, minis MEF la, Alfred Fils Métellus, ak direktè jeneral MCI a, Panel Paulemont.
Pandan diskou li, minis James Monazard fè konnen dijitalizasyon CIP la (Kat Idantite Pwofesyonèl) antre nan kad volonte Leta pou l modènize sèvis li yo epi rann administrasyon an pi efikas. Selon minis la, nouvo zouti sa a pral pèmèt moun ki gen kat la fè plizyè demach administratif depi lakay yo. Sa ap evite yo deplase ale nan biwo ministè a epi rete tann nan liy pandan yon pakèt tan, yon sitiyasyon itilizatè yo te konn plenyen anpil pou li.
Nan yon moman kote li souvan difisil pou moun jwenn aksè nan sèvis piblik yo, refòm sa a prezante kòm yon solisyon pou pwoblèm k ap depatya administrasyon an. Men, pou sa mache tout bon, fòk aplikasyon an fèt kòrèkteman, fòk tout moun ki konsène yo ka jwenn li fasil, epi fòk sistèm sa a rive nan lòt branch nan Leta a tou. Pou anpil obsèvatè, defi a kounye a se fè anons sa a tounen yon reyalite tout bon pou sitwayen yo.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

