—De mesye yo sispèk ki se manm gwoup ame mouri anba bal jedi nan zòn Merger, nan komin Gresye, pandan yon echanj kout zam ak lapolis. Selon enfòmasyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) bay, mesye yo te sou motosiklèt lè kout zam yo t ap tire.
Entèvansyon sa a fèt yon jou apre yon operasyon fòs sekirite yo te mennen avèk sipò Task Force la, kote plizyè moun ta mouri oswa blese pami manm gang yo.
Lapolis kontinye operasyon li yo nan Merger pou eseye kontwole gwoup ame yo epi ranfòse sekirite nan zòn nan. Sepandan, otorite yo poko pibliye idantite de mesye ki mouri yo ni bay plis detay sou dènye echanj kout zam nan.
Sitiyasyon sekirite a rete enkyetan pou popilasyon Gresye a, ki kontinye ap fè fas ak danje vyolans gang yo.
—Dapre estimasyon Nasyonzini, timoun yo ta reprezante ant 30% ak 50% manm gang ame ann Ayiti. Rekritman timoun yo ap ogmante akoz ensekirite, povrete, deplasman fòse ak difikilte pou jwenn aksè ak edikasyon.
Nan yon rapò ki te pibliye 20 fevriye 2026, Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH) fè konnen omwen 26 gwoup ame enplike nan trafik ak eksplwatasyon timoun. Pami gwoup sa yo gen 103 Zombies, Village de Dieu, Tokyo ak Kraze Baryè.
Timoun ki soti nan fanmi pòv, timoun k ap viv nan lari ak sa ki deplase kite kay yo akoz vyolans yo pi fasil tonbe nan men gang yo. Gang yo konn sèvi ak lajan, avantaj materyèl, menas ak vyolans pou rekrite yo.
Nan gang yo, timoun yo sèvi kòm espyon, mesaje ak enfòmatè. Gen ladan yo ki patisipe nan konba, kidnaping, ekstòsyon ak lòt zak vyolans. Tifi yo, bò kote pa yo, plis ekspoze ak eksplwatasyon ak abi seksyèl.
—Gwo vag vyolans ame nan Gros-Morne, nan depatman Latibonit, fòse 10 197 moun, ki soti nan 2 436 fanmi, kite kay yo ant 28 septanm ak 13 oktòb 2026. Se sa yon evalyasyon Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) revele.
Dapre rapò a, 99% nan moun ki deplase yo jwenn refij kay lòt fanmi, pandan 1% ki rete yo al viv nan de sit ki te prepare pou resevwa yo. Komin Gros-Morne ak Gonayiv resevwa respektivman 71% ak 23% nan moun ki kouri kite kay yo.
Pami zòn ki viktim atak yo gen Pèltye, Kanifis, sant vil la, Kamas ak Dosni.
Sitiyasyon sa a montre jan ensekirite a kontinye ap agrave nan Latibonit. Yon rapò Nasyonzini fè konnen tou gang Gran Grif, Kokorat San Ras ak Kanaran te patisipe nan vyolans kowòdone nan Bas-Latibonit, kote plis pase 100 moun te mouri ant 29 mas ak 13 avril 2026.
Vyolans sa yo lakòz deplasman fòse, destriksyon kay epi mete lavi popilasyon an, sitou timoun yo, an danje. Rapò a siyale tou gen plis timoun k ap antre nan gang ann Ayiti.
—Meri Gros-Morne anonse sispansyon sikilasyon sou Wout Nasyonal nimewo 5 (RN5), nan depatman Latibonit, akoz enkyetid sou sekirite ki gen rapò ak aktivite gang « Kokorat San Ras ».
Dapre yon kominike meri a pibliye 15 oktòb 2026, mezi sa a pran pou pwoteje popilasyon sivil la epi diminye risk pou moun k ap itilize wout la.
Konsa, okenn machin pap gen dwa travèse Gros-Morne pou fè trajè Pòtoprens–Pòdepè, ni nan sans kontrè a. Pou kounye a, otorite yo poko anonse okenn lòt wout pou moun itilize.
Meri a mande chofè ak tout lòt itilizatè wout la respekte desizyon an, rete vijilan epi swiv enfòmasyon otorite yo ap bay.
Jiskaprezan, pa gen okenn dat ki anonse pou relouvri wout la. Sispansyon an ap rete an vigè jiskaske otorite yo pibliye yon nouvo avi ofisyèl.
—Ambasad Etazini fè konnen li kontan akeyi Premye Minis Ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak delegasyon li a, nan Washington, nan kad Dyalòg Etazini-Karayib la.
Nan tèt ansanm ak patnè nou yo nan rejyon an, n ap kontinye fè efò pou ranfòse sekirite kolektif, devlope echanj komèsyal yo, epi ankouraje inisyativ konkrè ki kontribye nan estabilite, pwosperite ak byennèt tout emisfè a, nou tap site deklarasyon Ambasad la pibliye jodi a sou paj Fesbouk li.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

