—Nan Kenscoff ak Petyonvil, atak gang ame ki fèt ant 4 ak 9 jiyè 2026 yo lakòz omwen 61 moun pèdi lavi yo, pami yo 14 timoun, dapre Nasyonzini. Atak sa yo fòse 5 840 moun kite kay yo pou chape anba vyolans la. Anpil kay ak enfrastrikti telekominikasyon sibi gwo domaj, sa ki rann aksè ak sèvis esansyèl yo pi difisil.
Sitiyasyon an vin agrave kriz imanitè a, pandan otorite yo mande plis sekirite ak asistans ijan pou pwoteje popilasyon an epi ede fanmi ki deplase yo.
—Akòz ensekirite ki kontinye ap frape plizyè zòn nan peyi a, Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fè konnen li ogmante kantite operasyon li yo depi André Jonas Vladimir Paraison pran direksyon jeneral enstitisyon an kòm direktè jeneral a.i. Objektif la se konbat gwoup ame yo, reprann kontwòl teritwa yo epi retabli otorite Leta.
PNH di li mennen operasyon chak jou, sitou nan depatman Latibonit, nan komin Kenskòf ak sou Wout Nasyonal #1. Dapre otorite yo, aksyon sa yo vize pwoteje popilasyon an, fasilite aktivite ekonomik yo ak amelyore fonksyònman lekòl yo. Malgre efò sa yo, gwoup ame yo toujou gen enfliyans nan plizyè lokalite, epi PNH fè konnen li pral kontinye operasyon yo pou diminye pouvwa gang yo sou teritwa a.
—Direktè Jeneral Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE), Erol Josué, ansanm ak akeyològ Dr Joseph Sony Jean ak ekip teknik enstitisyon an, ap pousuiv yon misyon akeyolojik ijans nan Gran Rivyè Dinò.
Misyon an vize analize, dokimante epi pran premye mezi konsèvasyon pou yon koleksyon ansyen zam yo dekouvri pandan fouy yon fòs pèdi nan lakou Legliz Batis Konsèvatris la. Ekip BNE a ap kolabore ak otorite lokal yo pou garanti prezèvasyon ak valorizasyon dekouvèt la selon prensip syantifik ak estanda jesyon patrimwàn akeyolojik.
Dapre BNE, dekouvèt sa a reprezante yon opòtinite pou apwofondi rechèch sou wòl Gran Rivyè Dinò nan istwa Ayiti. Enstitisyon an prevwa devlope nouvo rechèch etnografik ak akeyolojik, mete sou pye yon Sant Entèpretasyon Patrimwàn nan komin nan, epi ankouraje pwogram edikasyon sou patrimwàn ak akeyoloji pou popilasyon an.
Pou BNE, pwoteje patrimwàn vle di prezève memwa ak idantite pèp ayisyen an.
—Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse plizyè nouvo mezi pou amelyore egzamen leta 2026 ak sèvis li yo. Koreksyon kopi yo ap fèt nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) ak yon griy koreksyon estanda pou asire plis jistis ak bon jan kalite. Chak korektè ap resevwa ant 70 ak 90 kopi, sa ki dwe pèmèt rezilta yo soti pi vit.
Anplis, depi fen mwa dawout, elèv ki reyisi yo ap kapab pran relve nòt, diplòm ak lòt dokiman legalize nan DDE yo. MENFP lanse tou yon sistèm dijital ak yon kòd otantifikasyon sou chak diplòm pou verifye otantisite li sou entènèt, sa ki ap fasilite ansyen diplome yo, sitou sila yo ki aletranje. Refòm sa yo vize ranfòse transparans, diminye fwod, epi amelyore kredibilite sistèm edikatif ayisyen an.
Nan paj entènasyonal la
—Yon gwo tranblemanntè mayitid 7,3 frape sid Meksik vandredi 17 jiyè 2026. Sekous yo te rive santi nan Gwatemala ak Salvadò, epi yon alèt tsunami te lanse anvan otorite yo leve l. Pa gen moun ki mouri selon premye enfòmasyon yo, men omwen twa moun blese, epi plizyè kay ak bilding sibi domaj.
Tranblemanntè a te gen episant li toupre kòt Pasifik la, nan eta Chiapas. Apre evènman an, plizyè replik te anrejistre, pami yo youn ki te mezire 6,0. Otorite Meksik ak peyi vwazen yo kontinye siveye sitiyasyon an pandan ekip sekou yo ap evalye domaj yo epi pran mezi pou pwoteje popilasyon an.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

