Nan entèvyou eksklizif Ronald André fè ak Jose Davilmar, direktè administratif ak pòt pawòl ED’H, plizyè sijè cho te sou tab la.
🗒️ Lis Kesyon Entèvyou ak Jose Davilmar (ED’H)
-
Depi plizyè jou, anpil katye nan Pòtoprens tonbe nan blakawout. Ki sa ki lakoz sitiyasyon sa a?
-
Ki jan sitiyasyon an ye kounye a nan Santral Pelig?
-
Ki zòn ki plis afekte pa blakawout la?
-
Ki fòm pwotestasyon ki itilize pou bloke fonksyònman ED’H oswa lòt aktivite?
-
Èske gen dyalòg ki louvri ant responsab mouvman sa yo ak ED’H?
-
Anplis kesyon blakawout la, ki lòt konsekans mouvman sa yo genyen sou lòt pati nan peyi a?
-
Ki estrateji ED’H mete an plas pou jere kriz aktyèl la?
-
Depi 17 me, gen rapò sou inondasyon nan 5e seksyon Sen-Mak, Ti-Rivyè, ak lòt lokalite nan Latibonit. Gen moun ki pale de viktim. Ki repons ED’H sou sa?
-
Gen moun ki akize teknisyen Pelig yo kòm moun ki lage dlo a. Ki repons ou bay sou sa?
-
Ki kapasite rezèvwa Pelig genyen pou kenbe dlo?
-
Si nivo dlo a depase kapasite sa, ki konsekans sa ka genyen sou kominote yo?
-
Moun Mibalè di Leta santral pa montre volonte pou konbat gang ki okipe zòn nan. Kisa ou panse sou sa?
-
Kijan ou panse pwoblèm gang ak ensekirite sa yo ka rezoud, espesyalman konsidere sezon lapli a deja kòmanse, epi sezon siklòn lan ap ouvè ofisyèlman nan kèk jou?
-
Èske ED’H afekte pa sitiyasyon gang ki kontwole Kafou, ak pa risk penuri gaz, si jan yo anonse li, asosyasyon pwofesyonèl petwòl yo kanpe aktivite yo nan Varreux?