Doc’n Talk — Épisode 1 : Pale sou VITAMIN yo !
Bonjou, Bonswa tout moun !
Sa pral depann aki lè w ap li epizòd sa a, Men rale ti chèz ou, pran ti poz la, paske nou pral aprann ansanm. Kòm se premye epizòd la, nou pral ale dousman pou pa gen aksidan. Semèn sa a, nou pral pale de yon sijè ki senp men trè enpòtan : VITAMIN yo ! Ribrik la ekri an kreyòl e an franse an menm tan, 2 lang ofisisyèl peyi a. En écrivant la rubrique en créole et en français Dr Marc souhaite toucher toutes les couches sociales du pays.
Nou pati
- Definisyon
« Selon les littératures médicales, les vitamines sont des substances organiques essentielles que l’organisme ne peut pas produire en quantité suffisante et qui doivent donc être apportées par l’alimentation ou les compléments. Elles sont nécessaires pour le métabolisme, la croissance, la reproduction et la prévention des maladies. »
Pou nou tradwi an kreyòl :
« Dapre liv medikal yo, vitamin yo se sibstans òganik esansyèl ke kò a paka pwodwi ase, se poutèt sa fòk nou jwenn yo nan manje nou oswa nan konpleman alimantè. Yo nesesè pou metabolis, kwasans, repwodiksyon ak prevansyon maladi. »
Pour faire plus court : Les vitamines sont des petites substances importantes qui nous aident à grandir, à rester en bonne santé et bien se protéger contre les maladies. Par exemple : les oranges ont de la vitamine C, les carottes ont de la vitamine A, et le lait a de la vitamine D.
Men annou mete sa nan mo senp lang kreyòl la :
Vitamin yo, se ti sibstans enpòtan ki ede nou grandi, rete an sante epi pwoteje kò nou kont maladi.
- Zoranj gen vitamin C 🍊
- Kawòt gen vitamin A 🥕
- Lèt gen vitamin D 🥛
👉🏾 Repete sa 2 fwa pou w kenbe l byen 😆
- ROLES
- Maintien de la santé et prévention des maladies.
- Prévention des carences en : cécité (A), rachitisme (D), scorbut (C), anémie (B9, B12).
- Soutien au métabolisme, immunité, croissance et reproduction.
oui Wòl pi enpòtan vitamin yo se
- Kenbe sante nou e ede evite maladi
- Evite mank vitamin ki ka bay :
- Avèg (vitamin A)
- Rachitism (vitamin D)
- Scorbut (vitamin C)
- Anemi (vitamin B9, B12)
- Sipòte metabolis, iminitè, kwasans ak repwodiksyon
- Classification
Les vitamines se divisent en deux grandes catégories selon leur solubilité :
- Les vitamines liposolubles (solubles dans les graisses) — elles forment la base connue sous le nom de ADEK.
- Les vitamines hydrosolubles (solubles dans l’eau) — cette base comprend deux grands groupes :
- Les vitamines du groupe B, qui ont plusieurs générations : B1, B2, B3, B5, B6, B7, B9 et B12, chacune ayant son rôle bien spécifique.
- Et l’autre grand groupe, la vitamine C, très populaire mais volatile et fragile : elle disparaît facilement avant même d’être consommée.
La solubilité étant la capacité d’un médicament à se dissoudre dans un liquide.
Nap retounen sou kreyòl la
Kijan yo klasifikye vitamin yo ?
Vitamin yo klase an 2 gwo fanmi daprè fason yo fonn (solibilite)
- Vitamin liposolubl — sa yo fonn nan grès
Yo rele yo baz ADEK : A, D, E, K
2. Vitamin idrosolubl — sa yo fonn nan dlo
Gen de gwo toro nan kategori sa a 😄
- Vitamin B yo : B1, B2, B3, B5, B6, B7, B9, B12 — chak gen wòl pa yo, souple pa neglije yo.
- Vitamin C, ki pi popilè a, men li frajil anpil : li disparet fasil ak chalè oswa lè.
W ap mande kisa solibilite vle di ?
Se kapasite yon sibstans pou fonn nan yon likid (tankou dlo oswa grès).
Nou pavle twò fatige ou nan premye épisod la ki donk nou kite rès la nan pwochen atik la e nou pral pale plis de vitamin ki popilè a.
VITAMINE C (pour la prochaïne fois).
Siw renmen ribrik la abone sou chèn whatsapp nou an,
Qui est dr Mr Marc ?
Marckendly Saint Juste, Dr Marc, étudiant haïtien en cinquième année de médecine à l’UASD, est également diplômé en nutrition pour le sport et l’activité physique à l’Université UNIBE. Lauréat du programme Promotion de la santé de l’Organisation panaméricaine de la santé (OPS) – 2023, il présente aujourd’hui une rubrique santé accessible à tous.
Dans un langage clair et simple, Dr Marc explique les notions médicales, les maladies et leurs modes de prévention. Il partage des conseils pratiques et des suggestions utiles, faciles à comprendre par le grand public.
Bienvenue dans « Doc’n Talk », votre rubrique santé en français et en créole haïtien — un espace pour apprendre à mieux prendre soin de soi.
Kiyès Dr Marc ye ?
Marckendly Saint Juste, yo rele l Dr Marc, se yon etidyan ayisyen nan senkyèm ane medsin nan UASD. Li gen tou yon diplòm nan nitrisyon pou espò ak aktivite fizik nan Inivèsite UNIBE.
Li se lauréa pwogram “Pwomosyon Sante” Òganizasyon Panamerikèn Lasante (OPS) pou ane 2023, e jodi a li prezante yon ribrik sante ki fèt pou tout moun ka konprann.
Nan yon langaj senp ak klè, Dr Marc eksplike nosyon medikal yo, maladi yo ak fason pou evite yo. Li pataje konsèy pratik ak sijesyon itil, fasil pou tout moun konprann.
Dr Marc.
Si vous appréciez cet article, soutenez-nous. Chaque don compte pour permettre à notre équipe de continuer à informer avec rigueur et impartialité. Faites un don ici

