DEKLARASYON EDGARD LEBLANC FILS DEVAN LANASYON, JOU DIMANCH 6 OKTÒB 2024
1. Konpatriyòt Ayisyen anndan peyi a tankou sila ki lòtbò dlo oubyen lòtbò fwontyè, mwen salye nou tout alawonnbadè.
2. Mwen vini pale avèk nou aswè dimanch 6 oktòb 2024 la, nan yon moman trè kritik nan lavi peyi a. Sitiyasyon an pabon, malgre bòn volonte, malgre gwo jefò k ap fèt nan divès domèn patikilyèman nan domèn sekirite ki se premye priyorite otorite alatèt Leta a.
Gang ame kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyonan. Jedi 3 oktòb la, gang Gran Grif nan Saviens masakre plis pase 70 kretyen vivan nan Pon Sonde nan depatman Latibonit. Se avèk anpil tristès nan kè m, m ap prezante moun Latibonit, tout pèp Ayisyen an kondoleyans mwen. Mwen salye Polis Nasyonal la ki deplwaye rapid pou vin netwaye zòn nan, metelòd, pèmèt aktivite yo reprann pou popilasyon an viv nan lapè.
Se nan konjonkti kote lekòl la louvri, men anpil timoun pa rive rantre lekòl sitou nan kapital la. Peyi vwazen, Repiblik Dominiken, kontinye ap maltrete konpatriyòt nou yo, pran desizyon pimpe bann ou anviwon 10,000 chak semenn sou fwontyè a. Leta ayisyen pran dispozisyon pou akeyi nou.
Sou plan politik, mèkredi 2 oktòb ULCC (Òganis Leta k ap lite kont koripsyon) prezante rapò ankèt li sou eskandal koripsyon 100,000,000.00 goud ki touche 3 Konseye-Prezidan e ki afekte imaj tout Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.
3. Apre piblikasyon rapò ULCC a, Konsèy Prezidansyèl la pa kapab nan kase fèy kouvri sa. Li oblije genyen yon pozisyon klè. Jan mwen te di deja nan dat 30 jiyè, nan okazyon 47èm reyinyon Chèf Leta ak Chèf Gouvènman peyiCARICOM yo ki te fèt nan peyi La Grenade: « ULCC sezi l de dosye a, Konsèy Prezidansyèl la ap tann li pwodui rapò l antout endepandans pou l kab pran pozisyon. Li ankouraje l travay vit. » Antretan, nou te swete Konseye ki te konsènen yo te aksepte yo menm tyoula kò yo, pa patisipe nan travay Konsèy Prezidansyèl la pou pèmèt pwosesis tranzisyon an kontinye vanse san domaj pandan lajistis ap fè chemen l pou rive fè limyè jayi sou dosye a pou laverite parèt klè epi fikse responsablite yo. Malerezman, yo pa t konprann sa t ap pi bon.
Dosye a sòti, ULCC bay konklizyon travay li.
Mwenmenm ki vle respekte enstitisyon ak lalwa peyi a, nan sousi pou pwoteje imaj Konsèy Prezidansyèl la epi rete koyeran ak sa m te di deja, mwen pa kapab aksepte patisipe nan okenn demach ki ap afebli pi plis epi devalorize Lajistis peyi a, nan menm tan tou, voye move siyal bay popilasyon an. Se sa ki esplike mwen refize siyen e mwen pa siyen rezolisyon Konseye yo pran nan dat vandredi 4 oktòb 2024 la.
Wout Konsèy la, nan gran majorite li, pran an pa bon. Li riske jete nou nan enstabilite, konsa agrave sitiyasyon an epi pwolonje peryòd tranzisyon an. Se domaj !
Mwen kontinye kwè nan peyi a, nan kouraj ak konviksyon pèp Ayisyen ki vle chanjman nan lapè, sekirite, travay, tèt ansanm pou yon lòt Ayiti. Se linyon ki fè lafòs. Se nan respè lalwa n ap fè lajistis blayi pou leve figi peyi nou.
Viv Ayiti !!!!!
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

