—De sòlda salvadoryen mouri, pandan de lòt blese nan yon eksplozyon ki fèt nan yon kan militè nan peyi Ayiti. Lame peyi Salvador la anonse nouvèl la vandredi 20 novanm 2026.
Dapre yon kominike lame a pibliye sou kont ofisyèl li sou rezo sosyal X, kat militè yo t ap manyen materyèl eksplozif lè eksplozyon an te fèt. Sepandan, otorite yo poko bay detay sou kòz aksidan an ni kote egzak kan an ye.
De sòlda ki blese yo ap resevwa swen medikal. Lame salvadoryen an poko pibliye non viktim yo.
Jiskaprezan, otorite San Salvador yo pa anonse okenn chanjman nan angajman militè peyi a nan operasyon ann Ayiti.
—Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), ansanm ak Task Force la, mennen yon operasyon nan zòn Matisan 2, 4 ak 23, jedi 19 novanm 2026. Bilan operasyon sa a fè konnen 34 bandi mouri. Dapre enfòmasyon PNH la pibliye, operasyon sa a fè pati aksyon fòs sekirite yo ap mennen pou konbat gwoup ame yo nan zòn sid kapital la.
Operasyon sa te komanse byen bonè maten an. La Polis te itilize anpil dwon pou te kraze divès kay bandi yo konn kache.
Anplis, enstitisyon polis la ak diferan fòs lòd ki angaje sou teren an fè konnen y ap kontinye operasyon yo pou mete fen nan zak teworis gwoup ame yo ap komèt. Objektif la se retabli sekirite ak lapè nan tout peyi a.
—Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te kontinye, depi maten vandredi 20 novanm 2026 la, yon operasyon nan zòn Matisan 2A, nan objektif pou reprann kontwòl zòn gang ame yo ap okipe a.
Dapre Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP), plizyè inite espesyalize PNH la, tankou SWAT, UTAG ak UDMO, ansanm ak sipò Task Force la, mobilize sou teren an. Dispozitif la gen ladan l plizyè dizèn machin blende ak yon elikoptè.
Operasyon sa a vize debouche wout yo epi pèmèt sikilasyon moun ak machann yo reprann nan lapè ak sekirite.
—Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Patrick Pélissier, anonse yon akò koperasyon ant Ayiti ak Salvador. Akò sa a konsène fòmasyon majistra ak polisye, ranfòsman kapasite PNH la ak konstriksyon yon nouvo prizon ann Ayiti.
Anons sa a fèt apre yon misyon ofisyèl minis la nan Salvador, kote li te rankontre plizyè responsab nan gouvènman peyi sa a. Pandan vizit la, li te vizite tou sant penitansye CECOT, yon prizon gwo sekirite.
Dapre Patrick Pélissier, yon konpayi salvadoryen ansanm ak yon patnè ayisyen ta ka patisipe nan konstriksyon nouvo prizon an. Sepandan, otorite yo poko bay detay sou finansman ak dat pwojè a ap kòmanse.
Minis la fè konnen tou li pwopoze òganize yon match foutbòl ant seleksyon Ayiti ak Salvador nan estad Sylvio-Cator. Pou kounye a, pa gen dat ofisyèl ki anonse.
Anplis, rankont yo te pèmèt responsab yo pale sou disparisyon kat sòlda salvadoryen ki te nan peyi a. Dapre minis la, sòlda salvadoryen yo dwe patisipe nan rechèch pou jwenn kat konpatriyòt yo.
Kounye a, aplikasyon angajman sa yo rete tann dispozisyon teknik, finansye ak enstitisyonèl ant de peyi yo.
—Prezidan salvadoryen Nayib Bukele depoze kandidati li pou yon twazyèm manda nan eleksyon prezidansyèl ki prevwa fèt 28 fevriye 2027. Avèk anviwon 80 % opinyon favorab, li parèt kòm gwo favori nan kous elektoral la.
Kandidati sa a vini nan yon moman kote plis pase 2 000 sòlda salvadoryen deplwaye ann Ayiti nan kad yon fòs miltinasyonal. Dapre analiz espesyalis Diego Da Rin, ekspè sou Ayiti nan International Crisis Group, Bukele vle ranfòse imaj li kòm yon lidè ki kapab konbat gang ak ensekirite, menm nan lòt peyi.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

