—Plizyè òganizasyon nan sektè prive ayisyen an mande pou peyi a òganize eleksyon ki kredib, enklizif ak an sekirite nan pi bon delè posib. Yo ensiste pou eleksyon yo pa fèt kòm yon senp fòmalite.
Òganizasyon yo mande pou gen ase sekirite pou kandida yo fè kanpay lib e pou sitwayen yo vote san presyon. Yo mande tou pou fasilite patisipasyon moun ki deplase ak moun k ap viv nan zòn ki difisil pou jwenn.
Yo mete aksan sou nesesite pou enstitisyon elektoral yo rete endepandan, enpasyal ak transparan. Yo mande pou enfòmasyon sou enskripsyon elektè yo, finansman eleksyon yo ak mezi sekirite yo disponib regilyèman. Yo ankouraje tou bon jan obsèvasyon elektoral ak mekanis efikas pou jere kontestasyon yo.
Sou kesyon sekirite a, sektè prive a ankouraje otorite ayisyen yo ak patnè entènasyonal yo akselere deplwaman Fòs Represyon Gang yo (FRG), an kolaborasyon ak fòs sekirite nasyonal yo.
Finalman, òganizasyon yo ankouraje pati politik yo ak sosyete sivil la pou ankouraje patisipasyon sitwayen yo nan pwosesis elektoral la. Yo avèti tou kont yon tranzisyon ki ta pwolonje san limit, pandan yo soutni lide ke retou nan lòd konstitisyonèl la dwe fèt atravè eleksyon ki gen kredibilite.
—Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) egzamine 159 dosye sètifikasyon jij pandan yon retrèt travay ki te fèt soti 7 pou rive 10 septanm 2026.
Nan dosye yo, 119 jij jwenn sètifikasyon, pandan 17 pa jwenn li. Genyen tou 14 dosye ki poko jwenn yon desizyon, paske CSPJ mande plis ankèt anvan li pran yon desizyon final.
Anplis, CSPJ pran desizyon sou 9 lòt majistra: 2 ladan yo sispann travay akoz yo abandone pòs yo, pandan 7 lòt yo rive nan laj pou pran retrèt.
CSPJ pa bay detay sou rezon ki fè 17 jij yo pa sètifye ni sou kritè yo pa ta respekte. Li di li pral kontinye egzamine 14 dosye ki rete yo.
Pwosesis sètifikasyon an fèt nan yon moman kote sistèm jidisyè ayisyen an ap fè fas ak gwo difikilte, sitou akoz ensekirite ki afekte fonksyònman plizyè tribinal nan peyi a.
—Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, te rankontre ak minis Afè Etranjè Almay la, Johann Wadephul, nan New York jedi 24 septanm 2026. Yo te diskite sou eleksyon, sekirite ak koperasyon ant Ayiti ak Almay.
Eleksyon k ap vini yo te youn nan prensipal sijè yo. Daprè Primati a, yo te pale sou enskripsyon elektè yo, verifikasyon kandida yo ak preparasyon sant vòt yo. Premye minis la di gouvènman an vle òganize yon eleksyon enklizif, kredib ak transparan, pandan l ap respekte volonte pèp la.
Sekirite nan peyi a te sou tab la tou. Fils-Aimé prezante efò fòs nasyonal yo ap fè pou reprann kèk zòn estratejik epi ranfòse prezans Leta, pwoteje popilasyon an ak retabli sèvis esansyèl yo.
Delege yo te diskite tou sou yon posib vizit yon gwo responsab Alman ann Ayiti nan fen mwa oktòb la. Vizit sa a ta kapab sèvi pou ranfòse dyalòg politik ak koperasyon ant de peyi yo. Pou kounye a, pa gen dat ni non responsab Alman an ki konfime.
—Nan dat 24 septanm 2026, Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) te òganize yon jounen espesyal pou ede 30 nouvo Kontab Piblik Asistan (CPA) Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) fè deklarasyon patrimwàn yo, jan lalwa mande sa.
Aktivite a te fèt sou demann Direksyon Jeneral Trezò ak Kontabilite Piblik MEF la. Pandan jounen an, ULCC te bay ajan yo enfòmasyon sou obligasyon legal yo, sitou sa ki gen rapò ak lwa 12 fevriye 2008 sou deklarasyon patrimwàn.
Apre seyans enfòmasyon an, espesyalis ULCC yo te akonpaye 30 CPA yo youn pa youn nan pwosesis deklarasyon an. Yo te ede yo otantifye dokiman yo devan notè, epi suiv lòt etap legal yo devan komisè gouvènman an ak grefye.
Atravè inisyativ sa a, ULCC vle ranfòse transparans, rann kont ak prevansyon koripsyon nan administrasyon piblik la.
—Prezidan Repiblik Dominikèn nan mande Konsèy Sekirite Nasyonzini an pran plis mezi pou amelyore sitiyasyon sekirite ann Ayiti.
Li mete 3 prensipal demann devan kominote entènasyonal la:
Fini deplwaye fòs entènasyonal la ann Ayiti, paske sèlman yon pati nan kapasite ki te otorize yo deja rive.
Fè anbago sou zam yo respekte toutbon epi pran sanksyon kont moun k ap finanse oswa pwoteje gwoup ame yo.
Ranfòse Polis Nasyonal d Ayiti, Fòs Lame d Ayiti ak sistèm jidisyè a sou yon baz ki dire lontan.
Prezidan an site vyolans gang yo kòm yon menas pou sekirite tout rejyon an. Li raple tou atak ki te fèt nan Kenscoff la, kote omwen 47 moun, pami yo 5 timoun, te pèdi lavi yo.
Li fè konnen anviwon 1.5 milyon Ayisyen deplase akoz vyolans lan, epi anpil ladan yo se timoun.
Prezidan dominiken an raple sipò peyi li bay repons entènasyonal la, tankou finansman, asistans lojistik ak fasilitasyon transpò. Li di, sepandan, Repiblik Dominikèn pa kapab pote repons lan pou kont li e li gen dwa pwoteje fwontyè li epi aplike lwa migrasyon li yo.
Pou fini, li deklare nan 81yèm Asanble Jeneral Nasyonzini « solisyon dirab la dwe soti ann Ayiti menm« . Dapre li, kominote entènasyonal la dwe ede kreye kondisyon pou enstitisyon ayisyen yo reprann kontwòl peyi a, timoun yo retounen lekòl, epi pèp ayisyen an kapab òganize eleksyon nasyonal.
—Anbasadè Lafrans ann Ayiti, Gautier Lekens, te rankontre lendi 21 septanm 2026 ak direktè jeneral PNH la, Vladimir Paraison, pou pale sou sitiyasyon sekirite a ak fason pou konbat gang yo.
Pandan rankont lan, yo mete aksan sou nesesite pou gen pi bon kowòdinasyon ant PNH, FAd’H ak FRG pou fè fas ak gwoup kriminèl yo.
Anbasadè fransè a te renouvle sipò Lafrans pou ranfòse PNH la, sitou nan domèn pwofesyonalizasyon, fòmasyon ak kapasite operasyonèl. Lafrans di li vle kontinye kolabore ak fòs sekirite ayisyen yo pou amelyore efikasite yo.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

