—Gouvènman ayisyen an lanse ofisyèlman, jedi 8 oktòb 2026, deplwaman Fòs pou Represyon Gang yo (FRG), nan baz Vètyè, Tabarre.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé fè konnen objektif fòs sa a se reprann zòn gang ame yo kontwole, pwoteje popilasyon an epi retabli lòd ak otorite Leta a sou tout teritwa a.
Fòs sa a gen patisipasyon sis peyi: Gwatemala, Salvadò, Chad, Mongoli, Jamayik ak Sri Lanka, ansanm ak fòs ayisyen yo.
Sepandan, Premye Minis la souliye batay kont gang yo pa sifi pou rezoud kriz la. Li nesesè tou pou retabli lajistis, sèvis piblik ak kondisyon ki kapab pèmèt òganize eleksyon lib, transparan ak kredib.
—Dapre yon rapò final ekspè Nasyonzini (ONU), 70% nan 336 katouch yo te dokimante pandan operasyon sezi zam ak minisyon nan men gang Jamesley ak Krache Dife an 2026 soti nan rezèv minisyon Polis Nasyonal Ayiti (PNH) la.
Rapò a fè konnen gen minisyon ak zam ki soti nan stock lapolis la ki rive nan men gwoup ame yo. Pami kòz yo, ekspè yo site pèt pandan konfwontasyon ak gang, vòl kèk polisye ta komèt ak koripsyon.
Ekspè ONU yo rapòte tou yo te mennen ankèt sou yon rezo polisye nan Inite Depatmantal pou Kenbe Lòd (UDMO) ki ta vann minisyon bay gang, sitou nan komisarya Pat-Chwal, nan Sen Mak.
Rapò a souliye plizyè sous ki pèmèt gang yo jwenn zam ak minisyon, tankou rezo entènasyonal, echanj ant gang ak detounman materyèl nan men fòs sekirite yo.
Ekspè ONU yo mande pou ranfòse kontwòl, sekirite ak trasabilite zam ak minisyon PNH la, pou limite kantite materyèl sa yo ki rive nan men gwoup ame yo epi anpeche yo vin pi fò.
Sepandan, chif 70% la konsène sèlman 336 katouch yo te etidye nan ka gang Jamesley ak Krache Dife yo. Li pa vle di 70% tout minisyon gang ann Ayiti soti nan PNH la. Rapò a pa akize tout polisye yo kòm moun ki enplike nan detounman sa yo.
—Gwo vyolans ame ki te fèt 28 septanm nan Gros-Morne, nan depatman Latibonit, fòse 8 486 moun, ki reprezante 2 011 fanmi, kite kay yo. Selon yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye 8 oktòb 2026, vyolans sa yo atribiye ak gang « Kokorat San Ras ».
Rapò a fè konnen 99% moun ki deplase yo jwenn refij lakay fanmi ak lòt moun, pandan rès yo rete nan yon espas ki te prepare pou resevwa yo. Pami moun ki kite kay yo, 66% rete nan komin Gros-Morne, tandiske 26% al chèche refij nan vil Gonayiv.
Zòn tankou Pélétier, Carnifice, sant vil la, Kamas ak Dosny te touche nan atak yo. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, omwen 10 moun mouri, pandan plizyè lòt blese ak bal.
Atak la te fèt apre yon operasyon Fòs Represyon Gang yo (FRG), kote twa moun yo sispèk ki manm gang « Kokorat San Ras » ta blese ak bal.
Vyolans sa yo lakòz yon gwo deplasman popilasyon nan Gros-Morne, kote plizyè milye moun oblije kite kay yo pou chèche sekirite lòt kote.
—Nan dat 7 oktòb 2026, twa ajan FBI prezante devan yon tribinal federal nan Miami nouvo prèv ki soti nan analiz apèl telefòn, mesaj tèks ak konvèsasyon WhatsApp ki gen rapò ak asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, ki te mouri nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021.
Dapre ajan FBI yo, kominikasyon sa yo ta ka ede klarifye relasyon ki te genyen ant plizyè moun yo sispèk ki te enplike nan konplo a. Pami non ki site yo genyen Jimmy Chérizier, alyas « Barbecue », yon responsab nan Polis Nasyonal d Ayiti ki pa idantifye, James Solages, Wilson Jeudy ak ansyen senatè John Joël Joseph.
FBI a prezante tou foto plizyè pèsonalite ayisyen, ansanm ak zam, fo badj DEA, radyo kominikasyon ak plak machin yo te sezi pandan fouy. Prèv sa yo kapab ede envestigatè yo konprann pi byen kijan operasyon an te prepare.
Pwosedi jidisyè yo ap kontinye Ozetazini. Samir Handal te dwe parèt devan jij la 9 oktòb, pandan Joseph Félix Badio te gen pou l parèt 14 oktòb 2026. Pwosè Christian Emmanuel Sanon an ap kontinye nan Miami tou.
—Fòs Ame Ayiti yo (FAd’H) anonse 2 000 kandida ki pral patisipe nan pwochen etap seleksyon an pou antre nan sant fòmasyon an.
Kandida sa yo soti nan 17 522 moun ki te enskri nan pwosesis rekritman an, ki te dewoule soti 8 pou rive 19 jen 2026. Evalyasyon yo gen ladan egzamen medikal, fizik, sikolojik ak entèlektyèl.
Komisyon rekritman an fè konnen y ap voye konvokasyon yo bay chak kandida endividyèlman, pa telefòn ak imèl. Okenn lis non p ap pibliye pou pwoteje sekirite ak konfidansyalite kandida yo.
Depatman Lwès la ap jwenn yon pi gwo kota akoz kantite moun ki te enskri nan zòn nan. Anplis, omwen 30% kandida yo konvoke yo ap fi.
Komisyon an bay priyorite tou ak moun ki angaje nan aktivite kominotè, pwoteksyon anviwònman ak aksyon klimatik, ansanm ak kandida ki gen konpetans teknik ak pwofesyonèl ki itil pou lame a.
Nan 2 000 kandida ki pral pase tès yo, se sèlman 700 moun k ap finalman chwazi pou antre nan sant fòmasyon FAd’H la.
Pwosesis sa a antre nan kad efò otorite yo ap fè pou ranfòse kapasite Fòs Ame Ayiti yo ak sekirite teritwa nasyonal la.
—Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA) denonse pwoblèm nan sèvis OFATMA yo. Dapre Mathieuny Sidel, yon manm sendika a, gen plizyè lopital ki refize aksepte kat asirans polisye PNH yo, malgre yo kontinye retire kòb asirans lan sou salè yo chak mwa.
Li fè konnen se kèk lopital sèlman nan depatman Lwès la ki toujou aksepte kat OFATMA a, sa ki rann li difisil pou polisye yo ak fanmi yo jwenn swen, sitou lè polisye yo blese nan sèvis yo.
Dapre chif sendika a bay, yon polisye premye klas peye 167,96 goud chak mwa pou asirans sa a. SYNAPOHA pa mande pou yo diminye kotizasyon an, men li swete sèvis yo amelyore pou asire polisye yo ak fanmi yo jwenn swen yo gen dwa resevwa.
Sendika a fè konnen li te voye yon lèt bay direksyon OFATMA pou mande esplikasyon, men li poko jwenn repons. Jiska prezantasyon enfòmasyon sa yo, OFATMA pa t reyaji sou akizasyon yo.
OFATMA, ki te kreye nan dat 28 out 1968, gen misyon pou bay travayè sektè piblik ak prive yo pwoteksyon kont aksidan travay, maladi ak pwoblèm ki gen rapò ak matènite.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

