—Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li te libere sis moun ki te pran an otaj pandan yon operasyon kont gang yo, ki te fèt dimanch 20 septanm nan Kenskoff, avèk sipò Fòs Represyon Gang yo (FRG).
Sis moun yo, pami yo de timoun ki gen 13 ak 16 an, te mete an sekirite nan komisarya Kenskoff apre operasyon an.
PNH fè konnen operasyon kont gwoup ame yo ap kontinye nan Kenskoff pou ranfòse sekirite epi pwoteje popilasyon an.
—Vennnde (22) moun yo akize nan dosye asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse parèt lendi devan yon tribinal federal nan Miami. Pami yo, gen 18 moun otorite ameriken yo te transfere soti Ayiti pou mennen Ozetazini.
Joseph Félix Badio, ansanm ak 17 ansyen militè kolonbyen, te prezan nan tribinal la. Christian Emmanuel Sanon, ki deja nan prizon Ozetazini depi plizyè ane, plede non koupab. Pwosè li dwe kòmanse 28 septanm.
Dapre akizasyon federal ameriken yo, 22 moun sa yo ta gen divès wòl nan yon konplo ki te vize touye oswa kidnape Jovenel Moïse epi ranplase l ak yon lòt lidè yo ta chwazi. Pwokirè ameriken yo di lajan ki soti nan kèk pwogram èd pou antrepriz pandan pandemi COVID-19 ta sèvi pou finanse yon pati nan operasyon an.
Jovenel Moïse te asasinen 7 jiyè 2021 lakay li nan Pèlerin 5, Pòtoprens. Madanm li, Martine Moïse, te blese nan atak la.
Jiska prezan, pwosedi jidisyè a kontinye Ozetazini, pandan pwosesis la ann Ayiti ap fè fas ak gwo difikilte, sitou pwoblèm sekirite ki afekte sistèm jistis la.
Nan mwa me 2026, yon jiri federal nan Miami te deja jwenn kat moun koupab pou patisipasyon yo nan konplo a. Yo riske kondanasyon prizon pou lavi.
—Pwosesis elektoral la ap avanse ann Ayiti, dapre Konsèy Elektoral Pwovizwa. Jiska 21 septanm 2026, gen anviwon 1 285 sant enskripsyon ak vòt k ap fonksyone nan peyi a, epi plis pase 628 755 elektè deja enskri.
Depatman Sidès, Grand’Anse ak Nippes se pami zòn ki gen pi gwo pousantaj enskripsyon yo, ak respektivman 16 %, 15 % ak 14,5 %.
KEP la fè konnen tou 30 estrikti politik deja soumèt lis 30 000 manm yo. Gen 7 kandida pou prezidans lan, 162 pou Sena a ak 419 pou Chanm Depite a ki deja anrejistre.
Pou prepare eleksyon yo, KEP la di li deja rekrite epi fòme 2 853 ajan rejis elektoral ansanm ak 4 643 ajan sekirite elektoral.
—Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, te rankontre Prezidan Mongoli a, Ukhnaa Khurelsukh, madi 22 septanm nan New York, nan kad 81yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an.
Pandan rankont lan, yo te pale sitou sou sitiyasyon sekirite ann Ayiti. Fils-Aimé te remèsye Mongoli pou patisipasyon li nan Fòs Represyon Gang yo (FRG), ansanm ak lòt peyi k ap soutni misyon an.
Li te souliye enpòtans koperasyon entènasyonal la pou ede fòs ayisyen yo retabli sekirite ak lapè nan peyi a. FRG a, ki gen sipò Konsèy Sekirite Nasyonzini, ap travay pou ede otorite ayisyen yo konbat gwoup ame yo.
FRG a ap dirije depi me 2026 pa majò jeneral mongòl Erdenebat Batsuuri.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp
