—Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, ap vizite San Salvador, 16 ak 17 novanm 2026. Objektif prensipal rankont lan se diskite sou avni plis pase 2 000 sòlda salvadoryen ki deplwaye ann Ayiti pou konbat gang ame yo.
Dapre otorite salvadoryen yo, kesyon deplwaman militè sa a ap nan sant diskisyon yo. Jiskaprezan, pa gen dat ki fikse pou retou sòlda yo.
Deplwaman an te vin fèt apre yon anbiskad gang ame te fè sou kat teknisyen salvadoryen nan Kwadèboukè, 18 oktòb pase a. Depi lè sa a, kat mesye yo disparèt. Otorite yo sispèk gang yo ta ka kenbe yo.
Pandanstan, sòlda salvadoryen yo deja patisipe nan operasyon kont gang yo, ansanm ak PNH, FAd’H ak fòs entènasyonal la. Nan dat 10 novanm, Nayib Bukele te pibliye imaj yon operasyon ki te vize rezidans Wilson Joseph, alyas Lanmò San Jou, chèf gang 400 Mawozo a. Alix Didier Fils-Aimé te salye operasyon sa a.
Sepandan, deplwaman sòlda sa yo soulve kesyon sou kowòdinasyon ak chèn kòmandman fòs yo. Genyen tou rezèv diplomat ameriken yo sou fason operasyon yo ap dewoule, sitou akoz risk sekirite ak mank kowòdinasyon.
Kidonk, vizit Fils-Aimé nan San Salvador la ap pèmèt otorite ayisyen ak salvadoryen yo diskite sou kondisyon ak avni prezans militè salvadoryen an ann Ayiti.
—Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, anonse yon patenarya sekiritè ant Ayiti ak Salvadò ki deja angaje depi anviwon twa semèn pou konbat gang ame yo. Li fè konnen otorite yo vle mete fen nan fenomèn gang lan.
Pandan yon vizit nan komin Kenskòf, madi 10 novanm 2026 la, chèf gouvènman an deklare : « Gang yo pap gen dòmi nan je, kit se gang ak sapat, kit se gang ak kravat. » Li presize Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) deja kòmanse operasyon sou teren an epi li mande popilasyon an kolabore ak fòs lòd yo.
Nan kad menm vizit la, gouvènman an distribye angrè, semans ak materyèl agrikòl bay plis pase 3 000 kiltivatè nan Kenskòf. Inisyativ sa a vize relanse pwodiksyon agrikòl epi ede pwodiktè yo reprann aktivite yo.
Sepandan, retablisman dirab Kenskòf ap depann sitou de amelyorasyon sekirite, rekiperasyon aktivite ekonomik yo ak sipò otorite yo bay popilasyon an.
—Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal X, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé salye angajman sòlda salvadoryen yo nan batay kont gang ame yo ann Ayiti. Li fè konnen kolaborasyon ant Fòs Lame Dayiti, PNH, Fòs Represyon Gang (GSF) ak patnè entènasyonal yo pèmèt ranfòse operasyon sou teren an, reprann kontwòl teritwa epi retabli otorite Leta.
Anplis, li remèsye Prezidan salvadoryen Nayib Bukele pou sipò li bay nan batay kont ensekirite a. Li asire kolaborasyon ant de peyi yo ap kontinye.
Finalman, chèf gouvènman an lanse yon mesaj fèm kont gang yo : « Gang yo pap gen dòmi nan je ! »
—Gwoup sèt peyi ki pi endistriyalize yo (G7) eksprime enkyetid sou patisipasyon moun ki anba sanksyon entènasyonal nan pwosesis politik ak elektoral ann Ayiti.
Nan yon deklarasyon ansanm, apre reyinyon yo te fè Pari, 9 ak 10 novanm 2026, G7 la fè konnen prezans moun sa yo nan pwosesis la kapab febli konfyans popilasyon an nan eleksyon yo ansanm ak prensip rann kont.
Pandan premye tou eleksyon yo prevwa pou jiyè 2027, G7 la raple nesesite pou pwosesis elektoral la fèt nan kondisyon ki favorize transparans, kredibilite ak konfyans sitwayen yo.
Pozisyon sa a mete kesyon patisipasyon moun ki anba sanksyon yo nan mitan enkyetid kominote entènasyonal la sou avni eleksyon ann Ayiti.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

