—Dapre plizyè medya, lapolis jamayikèn lanse yon ankèt nan pawas Sainte-Catherine apre enfòmasyon ki fè konnen Jimmy Chérizier, alyas « Barbecue », ta prezan nan zòn nan. Rechèch yo ap kontinye, men otorite yo poko rive lokalize chèf gang lan.
Anplis, kèk abitan nan ti vilaj jamayiken yo ta avèti lapolis sou prezans plizyè Ayisyen ame ki ta rive pa lanmè. Enfòmasyon sa yo parèt apre deplwaman fòs salvadoryen yo ann Ayiti.
Dapre enfòmasyon ki rapòte yo, plizyè manm gang ta pran direksyon Jamayik akoz panik. Sepandan, prezans Jimmy Chérizier nan peyi a ak lòt detay sou mouvman sa yo poko jwenn konfimasyon ofisyèl.
—Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), ansanm ak Task Force, mennen yon gwo operasyon nan zòn Matisan 2B, nan lannuit mèkredi 25 pou rive jedi 26 novanm 2026 la.
Dapre Direksyon Kominikasyon Lapolis la (DIKOP), fòs lòd yo detwi kay yon chèf gang ki t ap dirije aktivite kriminèl nan zòn nan. Plizyè endividi ame ki te sou plas te mouri pandan operasyon an.
Sepandan, PNH la fè konnen li rete mobilize pou kontinye operasyon yo. Objektif la se reprann kontwòl teritwa gang yo okipe yo epi konsolide zòn li deja reprann yo, pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a.
—AAN di gen posiblite pou vòl komèsyal yo reprann pwogresivman nan Pòtoprens nan mwa desanm sa a. Aprè 2 lane yo te sispann, vòl komèsyal yo sanble sou wout reprann nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, Pòtoprens. « Mwen panse nan yon tan ki pa twò long, ayewopò a kapab rekòmanse fonksyone nòmalman jan sa te ye avan. Mpa vle pran devan, men pou mwa Desanm sa la, ou pral kòmanse wè vòl kap rantre Pòtoprens. Dayè wap wè se avyon menm ki gen lisans amerikèn kap ateri », sa se pawòl Direktè Jeneral Autorité Aéroportuaire Nationale la, ki remèsye fòs sekirite yo li di kap fè yon bèl travay nan repouse gang yo.
Sou bò pa yo nan AAN, José Bernard Mathias Schettini di yo deja pare teknikman, e yo respekte tout nòm yo. Nan yon konferans pou laprès ayè jedi 26 novanm nan, DG Schettini presize, e nap site : « ayewopò Pòtoprens lan pat janm fèmen. Te toujou gen lòt vòl tankou vòl Brezil ki fèt. Se avyon konpayi amerikèn yo FAA te bay restriksyon pou pa ateri ».
24èd tan aprè, depatman kominikasyon AAN soti yon nòt, pou pote presizyon sou anons DG a fè a. « Vòl komèsyal yo se pwogresivman yap reprann. Men restriksyon Sèvis Avyasyon Amerikèn nan poko leve. Sa ki anonse a pa vle di restriksyon ameriken yo leve. AAN espere yap leve li trè byento », se sa ki ekri nan nòt la.
—Direksyon Jeneral Enpo (DGI) anonse l ap ouvri pòt li samdi 28 ak dimanch 29 novanm 2026 pou pèmèt kandida yo peye frè enskripsyon yo, nan kad pwosesis elektoral la. Pandanstan, Tribinal Siperyè Dè Kont ak Kontansye Administratif (CSC/CA) ap louvri sekretarya li pou kandida ki te responsab jesyon lajan piblik yo ka vin pran rapò yo.
Sepandan, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) kontinye fè fas ak kritik. Plizyè kandida fè konnen yo ap tann sètifika yo depi plis pase twa mwa. Yo denonse sa yo konsidere kòm favoritism nan enstitisyon an.
Paralèlman, DCPJ pibliye yon lis kandida sètifika yo pare, e li mande yo pase pran yo nan lokal li.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

