—11 moun mouri 9 lot blese nan yon atak gang ame te lanse nan lannuit 24 pou rive 25 novanm 2026 la, nan lokalite Bonga, nan komin Kenscoff. Pou kounye a, otorite yo poko bay okenn bilan ofisyèl sou kantite viktim yo.
Dapre premye enfòmasyon redaksyon an jwenn, atak la fèt anviwon 15 jou apre gouvènman an te distribye entran agrikòl nan komin nan. Nan okazyon sa a, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te ankouraje moun ki te deplase akoz vyolans yo pou yo retounen lakay yo.
Malgre plizyè operasyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH), Fòs Ame Dayiti (FAd’H) ak Task Force te mennen kont gang yo nan Kenscoff, nouvo atak sa a montre menas la toujou prezan. Sitiyasyon an soulve kesyon sou sekirite popilasyon an ak kondisyon pou moun ki te deplase yo retounen nan komin nan.
Pandan gang yo ap pèdi kèk pozisyon nan kapital la, vyolans lan kontinye nan lòt zòn nan depatman Lwès la. Otorite yo poko bay detay sou sikonstans atak la ni sou mezi sekirite yo pran apre zak sa a.
—Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Represyon Gang yo (GSF) prevwa enstale senk baz operasyonèl nan depatman Lwès la. Dapre Direksyon Kominikasyon Lapolis la (DICOP), baz sa yo ap chita nan Kenskòf, Taba, Kwadèboukè, Gresye ak Pòtoprens.
Dapre DICOP, pwojè sa a vize ranfòse kapasite entèvansyon fòs sekirite yo, amelyore kowòdinasyon yo epi konsolide zòn yo reprann anba men gwoup ame yo. Konsa, otorite yo espere anpeche gang yo reprann kontwòl espas sa yo.
Inisyativ la jwenn sipò finansye Inyon Ewopeyen an ak Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Sepandan, DICOP pa bay detay sou dat enstalasyon baz yo ni sou kantite pèsonèl ak ekipman ki prevwa pou chak baz.
—Premye minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, defann koperasyon sekirite ant Ayiti ak Salvador la madi 24 novanm 2026 la. Pozisyon sa a vini pandan Amnisti Entènasyonal ap mande plis transparans sou deplwaman militè salvadoryen yo an Ayiti.
Nan yon mesaj li pibliye sou kont X li, chèf gouvènman an raple popilasyon ayisyen an gen dwa pou viv an sekirite, an libète epi nan respè dwa fondamantal li. Li site masak, kidnapin, vyòl, asasina, deplasman fòse ak atak kont enstitisyon piblik yo kòm kèk nan vyolans peyi a ap sibi.
Dapre Fils-Aimé, akò koperasyon ak Salvador la reponn ak ijans sekirite peyi a. Li estime respè dwa moun ak transparans operasyon yo pa dwe fè bliye dwa sitwayen yo genyen pou viv an sekirite.
Sepandan, Amnisti Entènasyonal mande pou otorite yo pibliye akò bilateral ki regle deplwaman militè salvadoryen yo. Òganizasyon an mande tou garanti sou respè dwa moun pandan operasyon sekirite yo.
Anplis, li mande pou otorite yo presize règ angajman fòs yo, mekanis sipèvizyon ak pwosedi pou rapòte vyolasyon. Li ensiste tou pou tout akizasyon abi fè objè ankèt endepandan ak san patipri.
Pozisyon Premye minis la montre gouvènman an vle kontinye koperasyon sekirite ak Salvador la, pandan batay kont gwoup ame yo rete youn nan pi gwo defi Ayiti ap fè fas.
—Manm gang Gran Grif kidnape Dieuney Charles, jij de pè tribinal Perches la, jedi 19 novanm 2026, nan zòn Tè Wouj.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, jij la t ap retounen sot travay sou motosiklèt lè bandi yo kidnape li.
Mathel Jean Claude, prezidan Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra yo, konfime nouvèl la. Pandanstan, kidnapè yo mande yon gwo sòm lajan pou libere jij la.
—Ansyen depite Leyogàn nan, Me Jean Danton Léger, mouri madi 24 novanm 2026 la, nan vil natal li, nan anviwon midi. Li te gen 61 an.
Jean Danton Léger te yon avoka. Li te reprezante Leyogàn nan Chanm Depite a pandan 49yèm lejislati a. Li te sèvi tou kòm komisè gouvènman nan tribinal premye enstans Pòtoprens ak Jakmèl.
Ansyen depite a te konn pran pozisyon sou plizyè dosye politik ak jidisyè. Li te patisipe tou nan deba piblik sou sitiyasyon peyi a.
Lanmò li make disparisyon yon ansyen palmantè ak responsab nan sistèm jidisyè ayisyen an.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

