—Lame salvadoryen an lanse yon nouvo operasyon kont gang ame yo nan Plèn di Kildesak, mèkredi 18 novanm 2026 la. Pandan entèvansyon an, militè yo detwi kay chèf gang Jeff Canaan ansanm ak lòt espas yo sispèk gang yo t ap itilize kòm refij.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, operasyon an te kòmanse byen bonè nan maten. Plizyè eksplozyon, ki ta soti nan dròn kamikaz, te tande nan zòn nan. Yon lòt refij gang, ki sitiye nan yon simityè nan Canaan, ta tou sibi atak.
Prezidan salvadoryen an Nayib Bukele pibliye videyo pou montre atak la sou Kont X li. Se plizyè elikoptè ki te mobilize sou sa. Li deklare sou kont li se kado sa mw bay pèp ayisyen an nan okazyon selebrasyon batay Vètyè a.
—Plizyè milye moun pran lari Pòtoprens, madi 17 novanm 2026 la, pou eksprime sipò yo pou prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele. Manifestan yo mande ranfòsman koperasyon sekirite ant Ayiti ak Salvador pou konbat gang ame yo.
Pandan mobilizasyon an, patisipan yo te pote drapo ak pankat. Yo mande plis mwayen militè ak teknoloji pou ede reprann zòn gang yo kontwole nan kapital la.
Manifestasyon an fèt apre deplwaman anviwon 2 500 sòlda salvadoryen ann Ayiti. Desizyon sa a vini apre yon atak ki te fèt 18 oktòb kont yon kontenjan salvadoryen. Kat teknisyen peyi sa a toujou disparèt.
Te gen manifestasyon tou nan plizye lot vil nan peyi a tankou, Jeremi, Gonayiv e latriye.
—Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, reyaji apre manifestasyon ki te fèt madi 17 novanm 2026 la nan Pòtoprens pou soutni prezans militè peyi li an Ayiti. Nan yon mesaj li pibliye sou kont ofisyèl li sou rezo sosyal X, li di li tande mesaj manifestan yo epi li renmen pèp ayisyen an tou.
Bukele ekri an kreyòl : « Mwen pa t janm atann yon bagay konsa. Mwen tande nou byen fò, byen klè. Mwen renmen nou tou. N ap triyonfe. Bondye ap ban nou laviktwa. »
—Nan dat 17 novanm 2026 la, Konsèy Minis la ratifye yon akò koperasyon ant Ayiti ak Salvador pou ranfòse relasyon ant de peyi yo, sitou nan domèn sekirite.
Reyinyon an te fèt nan Villa d’Accueil, sou prezidans Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé.
Dapre otorite yo, akò sa a gen pou objektif ede Ayiti fè fas ak pwoblèm ensekirite yo, ranfòse kapasite enstitisyon leta yo epi ankouraje patenarya estratejik pou retabli sekirite ak estabilite nan peyi a.
Sepandan, gouvènman an poko bay detay sou fason akò a pral aplike ni sou angajman konkrè chak peyi.
—Premye minis Alix Didier Fils-Aimé anonse fòmasyon 15 000 nouvo sòlda sou twa zan. Li fè anons sa a mèkredi 18 novanm 2026 la, nan okazyon 233yèm anivèsè batay Vètyè a, nan Palè Nasyonal la.
Nan diskou li, chèf gouvènman an rann omaj pou ewo endepandans yo. Li pwofite okazyon an pou l anonse mezi sa a nan kad efò pou ranfòse kapasite operasyonèl Fòs Lame d Ayiti (FAd’H) ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH).
Sepandan, gouvènman an poko bay detay sou kondisyon rekritman ak kalandriye fòmasyon an.
Anplis, Alix Didier Fils-Aimé renouvle angajman li pou òganize eleksyon, yon fason pou retabli lòd demokratik la. Li swete wè yon peyi kote sitwayen yo ka viv, travay epi etidye an sekirite.
Atravè komemorasyon Vètyè a, gouvènman an di li vle retabli otorite Leta, ranfòse enstitisyon yo epi defann souverènte nasyonal la.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

