—Nayib Bukele anonse yo detwi kay Lanmò San Jou ak Katye jeneral gang 400 mawozo.
Nan yon mesaj li pibliye an kreyòl ayisyen, Bukele deklare:
« Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! »
Prezidan salvadoryen an akonpaye mesaj la ak yon videyo kote nou wè elikoptè k ap mennen operasyon nan lè a, ansanm ak gwo lafimen k ap monte nan zòn kote frap yo fèt.
—Gen yon gwo dezakò ant El Salvador ak Depatman Deta ameriken sou operasyon kont gang yo an Ayiti.
Jounalis Marc Caputo pibliye yon ankèt sou Axios ki revele gwo tansyon diplomatik ant gouvènman El Salvador ak kèk responsab nan Depatman Deta ameriken an, konsènan operasyon militè prezidan Nayib Bukele ap mennen ann Ayiti.
Selon Axios, nan dat 27 oktòb, Bukele te jwenn benediksyon prezidan ameriken Donald Trump pou l mennen operasyon kont gang yo.
Se konsa fòs espesyal El Salvador yo te kòmanse mennen operasyon militè ki lakòz echanj kout zam ak gang yo nan zòn Laplèn.
Nan dat 31 oktòb, gang yo te atake yon konvwa militè salvadoryen toupre Anbasad Etazini ann Ayiti. Pandan echanj kout zam sa yo, lokal anbasad ameriken an te resevwa bal.
Apre sa, nan dat 3 novanm, elikoptè militè El Salvador yo te entèvni pou repouse yon atak gang kont sòlda peyi Tchad ki fè pati fòs entènasyonal GSF la.
Nan dat 4 novanm, David Howell, ki se pi gwo diplomat ameriken ann Ayiti, te voye yon mesaj bay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou l plenyen sou fason militè El Salvador yo ap opere.
Dapre mesaj Axios jwenn nan, Howell fè konnen militè salvadoryen yo pa byen kowòdone operasyon yo ak GSF la. Li avanse tou twa militè salvadoryen ta blese, yo pa gen yon bon plan pou evakyasyon medikal, epi yo prèske tire sou sòlda GSF yo.
Li mande Premye Minis ayisyen an pou l fè otorite militè El Salvador yo sispann operasyon yo jiskaske gen yon pi bon kowòdinasyon.
Nan dat 5 novanm, Anbasad Etazini nan El Salvador voye yon nòt diplomatik ofisyèl bay gouvènman Bukele a. Nan nòt sa a, Ameriken yo fè konnen mank kowòdinasyon militè salvadoryen yo mete lòt fòs yo an danje. Yo akize sòlda El Salvador yo tou dèske bal yo tire ta frape Anbasad Etazini an Ayiti, kote pèsonèl ameriken te manke pran bal.
Men gouvènman Bukele a pa dakò ditou ak akizasyon sa yo!
Lendi 9 novanm, El Salvador reponn ak pwòp nòt diplomatik pa li. Li rejte akizasyon yo youn apre lòt.
Li demanti se sòlda pa li ki te tire sou anbasad ameriken an. Li demanti tou militè li yo te tire nan direksyon sòlda Tchad yo. Li fè konnen operasyon ayeryen li yo te deja ap kowòdone ak GSF ansanm ak otorite ayisyen yo depi 26 oktòb. Finalman, li rejte enfòmasyon ki fè kwè twa sòlda salvadoryen te blese.
Men El Salvador ale pi lwen toujou! Li deklare lè yon responsab ap pataje enfòmasyon ki pa vre sou yon dosye grav konsa, san li pa prezante prèv, sa mete kredibilite tout lòt deklarasyon responsab sa a an dout.
Sa vle di gouvènman Bukele a rive mete kredibilite pi gwo diplomat ameriken an Ayiti a an kesyon.
Depatman Deta ameriken an, bò kote pa li, kontinye soutni twa militè salvadoryen te blese, epi youn te bezwen kite Ayiti pou resevwa swen.
Pou kounye a, de pati yo kontinye bay vèsyon ki diferan sou sa ki pase pandan operasyon yo.
Yon bagay ki enpòtan pou nou konprann: dezakò sa a pa nesesèman vle di Trump ak Bukele pa antann yo ankò. Sa ki nan mitan konfli a, se fason operasyon militè yo ap kowòdone sou teren an.
Sous: Axios, se jounalis Marc Caputo ki ekri li.
—Polis Nasyonal DAyiti ak Task Force la lanse gwo operasyon nan Sant vil Pòtoprens, nan matisan. Blennde La Polis yo te rive jis devan legliz Sent Bènadèt.
Anpil katouch ak zam otomatik te tire, plizye dwon kamikaz te tombe.
Sitiyasyon sa te kreye gwo panik nan zòn nan ak nan komin Kafou kote anpil lekòl t me relache elèv yo yo avan lè, plizyè antrepriz ak enstitisyon te fèmen pot yo tou.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

