—Selon Miami Herald, Se te vè 2è 30 nan maten dimanch lè Task Force la te frape kay la. Yo itilize dwòn ki chaje ak eksplozif, se polisye PNH ki pilote yo, avèk sipò ajan sekirite prive ki sou kontra.
Pandan manm Task Force la t ap deplase atè a nan zòn gang yo kontwole a, 4 elikoptè t ap bay sipò anlè a. Task Force la t ap opere 2 nan elikoptè sa yo, tandiske 2 lòt se solda El Salvador dapre yon sous ki okouran operasyon an.
Nan moman atak la, Lanmo Sanjou pa t nan kay la, yon kay fòs yo t ap siveye depi yon bon tan. Sepandan, te gen gang 400 Mawozo anndan kay la. Dapre 2 sous, te ka gen jiska 20 nan yo, e yo tout te mouri pandan operasyon an.
Sepandan, ni Fos Represyon Gang yo, ni Polis Nasyonal la poko di anyen ofisyèlman sou enfòmasyon sa a.
—Polis Nasyonal Dayiti (PNH) fè konnen plizyè manm gang te blese grav pandan operasyon li mennen nan katye Boston, nan komin Site Solèy, depi jedi 5 novanm 2026. Pami moun ki te pran bal yo genyen Mathias Saintil, prezante kòm chèf gang Boston an, ki ta mouri anba blesi li nan yon lopital nan kapital la.
Dapre enfòmasyon PNH pibliye sou paj ofisyèl li, Mathias Saintil te pran plizyè bal nan zòn Nélio, toupre Asyeri d Ayiti. Yon sous lapolis fè konnen li pa ta rive siviv blesi li yo.
Anplis, PNH mande moun ki enplike nan aktivite ilegal yo rann tèt yo bay otorite yo epi chèche akonpayman Komisyon Nasyonal Dezameman, Demantèlman ak Reyentegrasyon (CNDDR) pou yo kapab jwenn yon chans reyentegrasyon.
—Plizyè neg ak zam mouri nan lanmè vandredi swa aprè fòs lòs yo te lage dwon sou yo. Yo te nan plizyè chaloup an direksyon Akayè pou al pote ranfò bay akolit yo ki an difikilte.
Neg ak zam sa yo fè pati gwoup ame nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Se yon sous nan marin ayisyen ki konfime nouvel la.
—Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, fè konnen Washington te deja okouran desizyon prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, pou voye plis pase 2 000 sòlda nan peyi Dayiti. Objektif la se chèche kat militè salvadoryen ki disparèt depi 18 oktòb pase a.
Kat teknisyen ayewonotik sa yo te nan yon machin blende nan zòn Santo, Kwadèboukè, lè nèg ak zam te atake yo. Machin nan te boule nèt, men yo poko jwenn okenn tras moun ki te ladan l yo.
Dapre Marco Rubio, Bukele te enfòme prezidan ameriken an, Donald Trump, sou demach li yo. Sepandan, Etazini pa patisipe dirèkteman nan operasyon an. Washington ap sèlman fasilite demach Salvadò yo.
Anplis, Rubio avèti gen risk pou sòlda salvadoryen yo ak manm Fòs Represyon Gang yo (FRG) konfonn youn ak lòt epi louvri kout zam. Se poutèt sa, li mande bon kowòdinasyon ak yon mekanis pou evite tansyon ant fòs militè ki prezan nan peyi a.
—Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), ak sipò Task Force la, lanse yon operasyon dimanch 8 novanm 2026 la kont plizyè baz gang ki enplike nan kidnapin nan Pòtoprens. Entèvansyon yo te vize Delmas 2, Bèlè, ri Sen Martin ak ri Mayard.
Dapre enfòmasyon ki disponib yo, fòs sekirite yo ta itilize omwen kat dròn kamikaz nan operasyon sa a. Gwo eksplozyon ki te fèt nan sant vil la, yon ti tan anvan 7è nan aswè, ta gen rapò ak entèvansyon sa yo.
—Direktris jeneral Biwo Nasyonal Patenarya nan Edikasyon (ONAPÉ), Stéphanie Paultre, chofè li ak de ajan sekirite li jwenn liberasyon yo nan aswè samdi 7 novanm 2026, apre yo te pase anviwon de mwa nan men gang Kokorat San Ras nan depatman Latibonit. Sepandan, avoka Caleb Jean-Baptiste, ki te kidnape menm jou a, toujou rete nan men bandi yo.
Liberasyon kat moun yo ta fèt apre fanmi yo fin peye yon gwo ranson. Plis pase 400 000 dola ameriken ta deja debouse pandan negosyasyon yo. Sepandan, kantite lajan total ki peye a poko konnen.
Pou rapèl, bandi yo te kidnape senk moun sa yo nan dat 7 septanm 2026, nan zòn Gros-Morne, nan depatman Latibonit, toupre Gonayiv.
Pandan Stéphanie Paultre ak twa akonpayatè li reprann libète yo, sitiyasyon Caleb Jean-Baptiste kontinye bay gwo kè sote. Jiskaprezan, pa gen okenn enfòmasyon klè sou kondisyon kote li ye a ni sou demach k ap fèt pou jwenn liberasyon li.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

