—Sèt gwo eksplozyon rapòte yè swa nan Site Solèy, nan yon kontèks gwo kout zam lou. Dapre premye enfòmasyon yo, eksplozyon sa yo ta ka gen rapò ak frap dwon.
Bri eksplozyon yo te rive jis nan Kafou, Dèlma ak Boudon. Plizyè abitan nan zòn sa yo fè konnen yo te tande gwo detonasyon yo, ki te lakòz anpil kè sote. Gen enfòmasyon ki fè kwè kom kwa chef gang Boston an Mathias ta blese grav nan okazyon sa.
Pou kounye a, poko gen enfòmasyon ki konfime ki zòn ki te touche, ki sib ki te vize oswa ki kantite dega ki fèt. Menm jan an tou, poko gen okenn bilan ofisyèl sou viktim.
Eksplozyon sa yo rive nan yon moman kote operasyon kont gwoup ame yo ap ogmante, sitou depi ranfòsman militè salvadoryen yo rive an Ayiti. Sepandan, poko gen okenn prèv ki montre ki fòs ki ta dèyè eksplozyon sa yo.
—Komisyon Nasyonal Dezameman, Demantèlman ak Reyentegrasyon (CNDDR) lanse yon apèl bay manm gwoup ame yo pou yo depoze zam epi abandone vyolans.
Nan yon kominike ki pibliye 4 novanm 2026 la, CNDDR fè konnen mekanis legal pou akonpaye moun ki vle kite gang yo epi reyentegre nan sosyete a deja disponib.
Sepandan, komisyon an avèti moun ki kontinye nan aktivite kriminèl yo. Li fè konnen y ap sibi pouswit jidisyè ak sanksyon lalwa prevwa.
Anplis, CNDDR di l ap travay ak enstitisyon nasyonal yo ak patnè li yo pou retabli sekirite, otorite Leta ak lapè nan peyi a.
« Depoze zam se chwazi lavi. Kontinye nan vyolans se ekspoze tèt ou ak konsekans lajistis », se mesaj komisyon an voye bay gwoup ame yo.
—Me Jean Ernest Muscadin, kandida pou prezidans sou banyè Fòs Chanjman Nasyonal (FCN), remèt demisyon li kòm komisè gouvènman Miragwan. Desizyon sa a vini apre otorite elektoral yo te mande l yon lèt demisyon pou yo kontinye trete dosye kandidati li.
Nan yon nòt ki pibliye vandredi 6 novanm 2026, FCN fè konnen Muscadin te mande Ministè Jistis mete l an disponiblite depi 26 oktòb, men li pa t jwenn repons. Sepandan, 29 oktòb, BED Lwès 1 te mande l yon lèt demisyon pou dosye kandidati li a kapab avanse.
Kandida a finalman remèt demisyon li, men li fè konnen se anba pwotestasyon li pran desizyon sa a. Li rezève dwa pou l konteste mezi sa a devan otorite ki konsène yo.
Pou FCN, egzijans sa a se yon kontrent administratif li konsidere kòm enjistis. Pati a mande Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ak gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a garanti yon pwosesis elektoral transparan, san patipri epi ekitab.
—Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te rankontre, jedi 5 novanm 2026 la, ak manm kò diplomatik ki akredite ann Ayiti. Rankont sa a te fèt nan Nonse Aposolik la, kote yo te diskite sou ensekirite, preparasyon eleksyon, deplasman popilasyon ak kriz migrasyon an.
Pandan echanj yo, Premye Minis la ak diplomat yo te mete aksan sou nesesite pou ranfòse koperasyon entènasyonal la. Objektif la se ede retabli sekirite epi kreye kondisyon pou òganize eleksyon lib, enklizif ak kredib.
Anplis, yo te pale sou sitiyasyon moun ki oblije kite kay yo akoz vyolans gang yo, ansanm ak konsekans imanitè kriz la. Gouvènman an, bò kote pa l, mete aksan sou dyalòg ak patnè entènasyonal yo, pandan li souliye enpòtans respè souverènte nasyonal la.
Konsa, retablisman sekirite, konfyans nan enstitisyon yo ak rechèch solisyon dirab rete pami priyorite gouvènman an.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

