—Plis pase 1 000 sòlda salvadoryen rive ann Ayiti pou ranfòse operasyon sekirite yo, dapre ajans Reuters, ki site yon responsab ayisyen. Deplwaman sa a fèt apre disparisyon kat teknisyen militè salvadoryen nan yon atak ame ki te fèt 18 oktòb nan Kwadèboukè. Sepandan, enfòmasyon an baze sou deklarasyon yon sèl responsab ayisyen ki pa idantifye. Jiskaprezan avyon militè peyi Salvador kontinye ap ateri nan Pòtoprens nan kad ranfò pou angaje rechèch 4 Solda salvadoryen ki disparèt yo.
Apre dènye evenman ki pase ak manb ki nan gwoup sòlda Salvador yo, FRG la di li konfime yon lòt fwa ankò detèminasyon l pou l akonpli misyon l ki se retabli sekirite ak stabilite an Ayiti. Presyon fòs la ap mete sou gwoup kriminèl yo pap kanpe. Zak vyolans bandi sa yo ap mennen pou teworize popilasyon an, pap anpeche FRG a akonpli misyon l, reponn ak manda l epi soutni pèp ayisyen an.
FRG la fè konnen move enfòmasyon ka mete lavi moun an danje. « Gang yo plede itlize rimè ak istwa ki chita sou manti, yon fason pou anpeche operasyon FRG yo byen pase epi simen latwoublay nan popilasyon an », se sa li deklare. FRG a di li toujou mennen operasyon li yo yon fason pou evite epi diminye risk popilasyon an ka sibi, jan règleman ki ankadre misyon ak angajman Fòs la rekòmande sa.
Fòs la ap kontinye netralize, izole epi dekouraje gang ak zam k ap vyole dwa moun epi simen laperèz anndan kominote yo. Li mande popilasyon an toujou sonje verifye yon enfòmasyon avan l pataje l. Pa neglije swiv mesaj ofisyèl FRG toujou pibliye sou rezo li yo yon fason pou jwenn enfòmasyon ou ka fè konfyans, se sa li konkli.
—Gwo lapli ki tonbe nan plizyè depatman ann Ayiti lakòz omwen 5 moun mouri, plizyè milye kay inonde ak gwo dega nan agrikilti. Malgre otorite yo leve nivo vijilans yo, Pwoteksyon Sivil la avèti danje inondasyon ak glisman tè yo toujou prezan.
Dapre direktè jeneral Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil la, Emmanuel Pierre, plis pase 300 kay inonde nan Sid, 1 329 nan Nip, omwen 384 nan Grandans ak plis pase 1 000 nan Lwès.
Nan Sid la, plis pase 500 fanmi oblije kite kay yo nan Tiburon ak Wòchabato. Nan Nip yo, bilan an fè konnen gen 3 moun mouri, 48 kay kraze ak 1 767 kay inonde. Plis pase 100 moun viktim dega sa yo.
Anplis, gwo lapli yo ravaje plizyè plantasyon epi pote plizyè bèt. Sou zile Lagonav, move kondisyon wout yo rann deplasman difisil epi konplike apwovizyònman popilasyon an ak pwodui premye nesesite.
Madi 27 oktòb 2026 la, otorite yo anonse yo leve nivo vijilans jòn ak zoranj sou tout peyi a. Sepandan, kèk avès ak loraj izole toujou posib, sitou nan rejyon Nò yo.
Pwoteksyon Sivil la mande popilasyon an rete pridan, paske tè yo deja chaje ak dlo. Nouvo lapli ka lakòz inondasyon ak glisman tè madi ak mèkredi 28 oktòb la.
—Biwo Nasyonal Aviyasyon Sivil la (OFNAC) anonse trafik ayeryen an ann Ayiti retounen nòmal apre kèk pwoblèm tanporè nan kominikasyon ant plizyè peyi ak Administrasyon Federal Aviyasyon Ameriken an (FAA). Jamayik te afekte tou.
Pandan pwoblèm sa yo, gen kèk avyon ki te oblije retounen nan ayewopò kote yo te soti, pandan lòt vòl ki potko dekole te rete atè.
Nan yon kominike ki te pibliye 27 oktòb, OFNAC demanti enfòmasyon ki fè kwè espas ayeryen Ayiti te fèmen.
Sepandan, enstitisyon an mande pasaje yo pou yo verifye enfòmasyon sou vòl yo dirèkteman ak konpayi avyon yo oswa otorite konsène yo. Li konseye piblik la tou pou l pa bay enfòmasyon ki poko konfime jarèt.
Finalman, OFNAC reyafime angajman li pou garanti sekirite aviyasyon sivil la ak kontinite operasyon ayeryen yo ann Ayiti.
—Moun deplase k ap viv nan kan Argentine-Bellegarde, nan ri Vaillant, manifeste madi 27 oktòb 2026 pou mande Leta ba yo èd finansye pou lwe kay. Yo di yo pase plis pase dezan ap viv anba tant, apre vyolans gang ame yo te fòse yo kite kay yo.
Depi 7è nan maten, manifestan yo te mete kawotchou an dife, wòch ak barikad sou wout la, sitou nan zòn Lalue. Yo denonse move kondisyon lavi nan kan an, kote yo ekspoze ak maladi, enfeksyon, mank entimite ak divès fòm vyolans.
Pami zòn kote vyolans gang yo te fòse fanmi yo deplase, genyen Kafou-Fèy, Bèlè, Solino ak Grand-Ravin. Malgre plis pase dezan pase, anpil fanmi toujou ap viv nan kondisyon difisil epi yo mande otorite yo pran mezi ijan pou reloge yo.
Mouvman sa a vini yon jou apre yon lòt manifestasyon nan Bwa Vèna, kote moun k ap viv anba tant te denonse move kondisyon lavi yo tou. Sepandan, pa gen enfòmasyon ki konfime si de mobilizasyon sa yo gen yon lyen.
Kesyon moun deplase yo poze a rete san repons konkrè: kilè Leta ap pran mezi pou ede fanmi sa yo jwenn lojman ki pi an sekirite ak pi diy?
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp
