—Sitiyasyon an rete mangonmen nan zòn Plèn di Kildesak la, kote lekòl, komès ak sikilasyon machin prèske bloke nèt apre disparisyon omwen kat sòlda salvadoryen. Dapre atik la, sòlda sa yo te tonbe nan yon anbiskad manm kowalisyon gang « Viv Ansanm » ta òganize dimanch 18 oktòb.
Depi ensidan an, plizyè wout bloke ak barikad, tankou kawotchou k ap boule. Lekòl ak biznis rete fèmen, mache yo fonksyone ak anpil difikilte, epi machandiz ki soti nan zòn ki toupre yo pa rive antre nòmalman.
Konsènan sò sòlda yo, enfòmasyon yo pa klè. Gen kèk sous ki fè konnen yo ta toujou nan baz chèf gang ki rele « Chen Mechan », pandan lòt enfòmasyon ki poko konfime ofisyèlman fè kwè yo ta deja mouri.
Ansyen majistra Site Solèy la, Esaïe Beauchard, deklare dapre enfòmasyon li genyen, sòlda yo ta mouri menm jou yo te kaptire yo a. Li fè konnen tou kò yo ta boule, epi tèt yo ta sèvi nan seremoni mistik. Li ajoute omwen sèt manm gwoup ame a ta mouri nan echanj kout zam, pandan plizyè lòt blese ap resevwa swen lopital.
Jiskaprezan, otorite yo poko bay okenn enfòmasyon ofisyèl sou sòlda yo. Ensètitid sa a kontinye ogmante enkyetid popilasyon an epi deranje lavi chak jou nan Plèn di Kildesak la.
—Polis Nasyonal Ayiti (PNH) entegre 2 069 nouvo polisye nan fòs la nan kad pwogram P4000+, pami yo gen 394 fanm. Nouvo polisye sa yo soti nan 35yèm ak 36yèm pwomosyon yo.
Pwogram sa a, ki jwenn sipò finansye Etazini, gen objektif pou rekrite plis pase 4 000 jèn pou ranfòse kapasite PNH la nan batay kont ensekirite.
Dapre Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP), majorite polisye ki soti nan de premye pwomosyon yo afekte nan depatman Lwès la. Yo ede pwoteje zòn estratejik, enfrastrikti ak wout enpòtan, epi bay lòt inite yo sipò nan operasyon sekirite yo.
Pandanstan, gradyasyon 37yèm pwomosyon an prevwa pou 30 oktòb 2026, pou kontinye ogmante kantite polisye sou teren an.
—Bank Repiblik Ayiti (BRH) lanse yon avètisman sou ogmantasyon atak enfòmatik k ap vize sistèm finansye a. Nan yon avi ki soti 19 oktòb, li entèdi enstitisyon finansye yo negosye ak pirat enfòmatik k ap mande lajan kòm ranson.
BRH fè konnen atak sa yo vin pi plis pandan senk dènye ane yo, epi Ayiti pa epanye. Depi 2023, bank santral la ap ranfòse mezi sekirite yo atravè fòmasyon anplwaye ak sansibilizasyon sou menas enfòmatik.
Li mande enstitisyon finansye yo pwoteje sistèm enfòmasyon yo, done pèsonèl kliyan yo ak lajan yo. Si gen yon atak, yo dwe aktive plan ijans yo epi ranfòse sistèm enfòmatik yo pou korije feblès ki parèt.
—Etidyan Fakilte Medsin ak Famasi Inivèsite Leta Ayiti (UEH) denonse absans pwogrè nan pwojè relokalizasyon Lopital Inivèsite Leta Ayiti (HUEH), ki fèmen depi 32 mwa. Nan yon konferans pou laprès, lendi 19 oktòb 2026, nan Petyonvil, yo mande minis Sante Piblik la, Sinal Bertrand, pran mezi konkrè pou pèmèt lopital la rekòmanse fonksyone.
Dapre etidyan yo, malgre minis la te anonse an septanm transfè aktivite lopital la nan Lopital Kominotè Ayisyen an, pa gen okenn avansman konkrè ki montre aktivite yo pral reprann talè konsa.
Yo souliye fèmti lopital la afekte fòmasyon pratik yo, paske yo pa gen yon bon anviwònman lopital pou aplike konesans yo te aprann pandan etid yo. Yo raple tou Lopital Jeneral jwe yon wòl enpòtan nan swen pasyan ak fòmasyon pwofesyonèl sante nan peyi a.
Etidyan yo mande otorite yo akselere pwosesis relokalizasyon an epi pran desizyon rapid pou reponn ak bezwen popilasyon an, pandan y ap prezève kalite fòmasyon medikal la. Yo kritike tou fason gouvènman Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ap jere sektè sante a.
Apre 32 mwa fèmti, etidyan yo kontinye ap tann aksyon konkrè nan men otorite yo pou lopital la kapab rekòmanse sèvis li yo.
—Gad Kòt Pòtoriko rapatriye 63 migran nan Repiblik Dominikèn madi, apre yo te entèsepte yon bato ki te gen 66 moun abò nan pasaj Mona a. Twa lòt moun rete nan detansyon federal pou ankèt sou tantativ retounen ilegal Ozetazini.
Bato a te gen 55 gason ak 4 fanm ki di yo se Dominiken, ansanm ak 6 gason ak 1 fanm ki deklare yo se Ayisyen. Dapre Gad Kòt la, bato a te anviwon 9 mèt longè, li te nan move kondisyon epi li te twò chaje.
Ensidan sa a rive kèk semèn apre yon lòt bato ki t ap transpòte 64 migran te chavire toupre zile Mona. Aksidan sa a te lakòz twa moun mouri, 49 lòt te sove, epi anviwon 12 moun rete disparèt. Twa Dominiken deja akize nan Pòtoriko nan kad yon dosye trafik moun.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

