—Majistra Kenscoff la, Massillon Jean, mouri vandredi 9 oktòb 2026, anviwon 5:40 nan aprèmidi, apre li te gen pwoblèm respirasyon. Dapre premye enfòmasyon yo, li te kòmanse soufri anviwon 3è nan aprèmidi. Jean Max Duvivier, majistra adjwen an, konfime nouvèl lanmò a.
Massillon Jean t ap dirije komin Kenscoff depi jiyè 2020, lè yo te nonmen li kòm ajan egzekitif enterimè.
Pandan manda li, li te pale sou pwoblèm ensekirite nan komin nan epi li te soutni efò Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou konbat gwoup ame yo.
Depi janvye 2025, Kenscoff ap fè fas ak yon gwo kriz sekirite. Plizyè atak gwoup ame te lakòz lanmò moun ak deplasman anpil fanmi. Selon enfòmasyon ki te pibliye yo, yon atak ki te fèt nan nuit 23 pou rive 24 out 2026 ta lakòz omwen 47 moun mouri.
Lanmò majistra a rive nan yon moman kote ensekirite kontinye ap boulvèse Kenscoff, pandan otorite yo ak fòs lòd yo ap fè fas ak gwo defi pou pwoteje popilasyon an.
—Dapre yon rapò final ekspè Nasyonzini pibliye an septanm 2026, Ayiti kontinye sèvi kòm yon wout maritim pou trafik dwòg entènasyonal, sitou kokayin ak Cannabis. Ensekirite ak feblès nan kontwòl fwontyè ak pò yo fasilite aktivite rezo kriminèl sa yo.
Rapò a prezante twa gwo operasyon sezi dwòg:
Zile Latòti: Nan dat 13 jiyè 2025, Polis Nasyonal d Ayiti te sezi 1 045 kilogram kokayin ki ta soti Kolonbi. Valè dwòg la te estime a anviwon 34 milyon dola sou mache ameriken an.
Pò Anvè, nan peyi Bèljik: Nan dat 22 out 2025, otorite yo te dekouvri 1 156,42 kilogram kokayin nan yon kontenè ki te soti nan pò Okap, apre li te pase Jamayik. Dwòg la te kache nan yon kago komèsyal.
Mòl Sen Nikola: Nan dat 30 avril 2026, gadkòt ameriken yo te sezi 1 376 kilogram Cannabis nan yon bato toupre zòn nan.
Rapò a montre rezo kriminèl yo itilize wout maritim ayisyen yo pou transpòte dwòg nan direksyon nò Karayib la ak lòt peyi. Li note tou gen kèk koneksyon ant trafik dwòg ak rezo migrasyon ilegal, men de aktivite sa yo pa menm bagay.
Ekspè Nasyonzini yo ensiste sou nesesite pou ranfòse kontwòl nan pò yo, siveyans nan lanmè ak koperasyon ant peyi yo pou konbat trafik dwòg la. Yo presize tou, lefètke dwòg jwenn nan kèk kago komèsyal pa vle di otomatikman ekspòtatè oswa antrepriz ki konsène yo te konnen sa oswa te patisipe nan trafik la.
—Otorite ameriken yo voye 72 migran ayisyen tounen an Ayiti jedi 8 oktòb 2026, nan yon vòl ki ateri nan ayewopò Kap Ayisyen. Gwoup la te gen 62 gason ak 10 fi. Se te uityèm vòl depòtasyon ki fèt sou administrasyon prezidan Donald Trump.
Lè yo rive, Biwo Nasyonal Migrasyon (ONM), ansanm ak plizyè lòt enstitisyon, te bay migran yo asistans. Chak moun te resevwa 25 000 goud, manje, bwason ak dlo. Yo te jwenn tou sèvis medikal, sipò sikolojik, transpò ak dispozisyon pou lojman.
Malgre asistans sa a, plizyè migran ta toujou ap dòmi nan lari Kap Ayisyen, paske yo pa gen fanmi oswa lòt moun ki kapab resevwa yo. Sitiyasyon sa a montre difikilte moun ki depòte yo ap rankontre pou jwenn kote pou yo rete ak sipò pou yo rekòmanse lavi yo an Ayiti.
—Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA) raple tout enstitisyon piblik ann Ayiti yo obligasyon pou voye envantè ajou byen mobil ak byen imobil Leta yo bay Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) anvan 31 oktòb 2026.
Dapre CSCCA, mezi sa a antre nan kad dispozisyon legal ki vize amelyore jesyon, siveyans ak pwoteksyon patrimwàn Leta. Daprè atik 95 dekrè bidjè 30 septanm 2026 la, absans envantè sa yo ka anpeche kontwolè finansye ak kontab piblik otorize oswa peye depans.
Kou a fè konnen, pandan ane fiskal 2024-2025 la, se sèlman 58 enstitisyon piblik ki te voye envantè yo. Pou rezon sa a, CSCCA avèti transmisyon envantè a ap vin yon kondisyon obligatwa pou li egzamine demann odit enstitisyon yo.
—Konpayi Digicel anonse nouvo pwoblèm nan sèvis telekominikasyon li yo ann Ayiti. Dapre yon nòt konpayi an pibliye lendi 12 oktòb la, de kab fib optik entènasyonal li yo ki sou Wout Nasyonal nimewo 1 (RN1) sibi domaj.
Digicel fè konnen gen enfòmasyon ki rapòte kout zam nan zòn kote kab yo andomaje yo. Ekip teknik konpayi an ap evalye sitiyasyon an pou wè kijan yo kapab fè reparasyon yo. Sepandan, ensekirite nan zòn nan kapab anpeche teknisyen yo entèvni rapidman. Pou kounye a, konpayi an poko bay okenn dat pou sèvis yo retounen nòmal.
Nouvo ensidan sa a vin ajoute sou plizyè lòt domaj ki te deja afekte rezo Digicel la depi mwa me. Nan mwa me, yon pann sou fib optik ant Sen Mak ak Gonayiv te deranje sèvis nan Gran Nò. Nan mwa jiyè, yon lòt pann sou Wout Nasyonal nimewo 2 (RN2) te afekte sèvis nan Grand Sid la.
Nan mwa septanm ak kòmansman mwa oktòb la, lòt domaj sou kab entènasyonal yo te lakòz entèripsyon nan sèvis yo nan plizyè zòn nan peyi a.
Pann sa yo gen konsekans sou lavi miun chak jou, sitou jounalis, etidyan, machann ak antrepriz ki depann de entènèt pou travay yo. Sitiyasyon an soulve kesyon sou kalite sèvis kliyan yo ap resevwa ak sa ki dwe fèt pou kliyan ki peye pou sèvis yo pa kapab itilize.
Nan dat 6 oktòb la, Lig Ayisyen pou Defans Dwa Moun (LHDDH) te deja poze Digicel kesyon sou kalite sèvis li yo, pann koneksyon yo ak pri kèk plan entènèt.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

