—Biznisman ayisyen Gilbert Bigio, fondatè GB Group, mouri madi 29 septanm 2026 Ozetazini, a laj 91 an.
Nan mwa desanm 2022, Kanada te pran sanksyon kont li ansanm ak Reynold Deeb ak Sherif Abdallah, li te akize yo de soutni aktivite ilegal gang ame yo, sitou atravè blanchiman lajan ak koripsyon.
Fanmi an poko bay detay sou kòz lanmò a ni sou aranjman pou fineray la.
—Depi kèk jou, zòn Bas-Latibonit ap fè fas ak vyolans ki lakòz anviwon 20 moun pèdi lavi yo nan de atak yo atribiye ak gwoup ame.
Nan Dosni, Gros-Morne, omwen 12 moun mouri nan yon atak yo atribiye ak gang Kokorat San Ras. Dapre otorite lokal yo, atak la ta sanble ak yon zak reprezay apre yon operasyon fòs ki t ap goumen kont gang nan kote 3 nan gang yo te pèdi lavi yo.
Nan Palmis, nan Ti rivyè Latibonit, omwen 8 lòt moun mouri epi plizyè lòt te blese nan yon atak yo atribiye ak gang Gran Grif ak Palmis. Atak la te fèt apre yon gwoup defans kominotè te kidnape yon fanm ak yon chofè moto, yo te prezante kòm moun ki pwòch gang yo.
Nan de ka sa yo, gen moun ki te pran an otaj, pandan lòt rezidan oblije kouri kite zòn yo. Bilan total la rive nan omwen yon ventèn moun mouri, san konte blese ak dega materyèl yo.
—Konsèy Sekirite Nasyonzini pwolonje manda Fòs pou Represyon Gang yo (FRG) an Ayiti pou sis mwa ankò, sa ki mete nouvo dat limit la nan 31 mas 2027.
Nasyonzini ap kontinye bay FRG sipò lojistik, medikal ak operasyonèl atravè UNSOH, ki te kòmanse fonksyone nan mwa avril 2026.
FRG a te kreye nan mwa septanm 2025 pou ranplase Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite a (MSS). Li te prevwa rive jiska 5 500 sòlda ak polisye, men kantite moun ki deplwaye yo toujou pi ba anpil. Nan dat 8 jiyè 2026, te gen 1 083 militè ak 16 sivil nan fòs la.
Etazini ak Panama sipòte pwolongasyon misyon an, pandan Larisi te chwazi absteni. Larisi soulve kesyon sou rekritman, fòmasyon, finansman ak estati legal FRG a, epi li fè konnen yon solisyon militè sèlman pap sifi pou rezoud kriz Ayiti a.
Nasyonzini mande pou deplwaman FRG a akselere, pandan li ensiste sou nesesite pou ranfòse PNH, FAd’H, enstitisyon leta ak sèvis piblik yo.
—Kadav twa jèn gason yo jwenn san vi lendi 28 septanm 2026 sou wout la, toupre mache Delmas 32. Daprè premye enfòmasyon yo, kò yo ta gen siy boule e yo te kouvri ak dra blan.
Gen temwen ki fè konnen viktim yo ta soti nan yon aktivite anvan yo pran direksyon Place-Cazeau, men enfòmasyon sa a poko konfime ofisyèlman. Jij de pè a te rive sou plas la pou fè konsta legal la.
Jiskaprezan, idantite viktim yo ak sikonstans egzak lanmò yo poko klè. Otorite polis ak lajistis yo gen pou mennen ankèt pou konnen sa ki te pase epi detèmine responsablite yo.
—Alix Laurent, yon polisye ki t ap sèvi kòm chèf sekirite minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan, Sandra Paulémon, kidnape dimanch swa nan Delmas.
Dapre plizyè sous, sikonstans kidnaping lan ak kote egzak li te fèt la poko klè.
Ka sa a rive nan yon moman kote polisye, responsab piblik ak lòt pèsonalite kontinye ekspoze ak menas gwoup ame yo. Anplis, de lòt ajan PNH ta toujou nan men kidnapè apre yo te anlve yo ak Mèt Caleb Jean-Baptiste ak DG ONAPE a nan depatman Latibonit. Chef Kabinè Minis Defans JAMES BOYARD li menm gen plis ke 3 mwa nan men kidnapè.
Pou kounye a, pa gen plis enfòmasyon ofisyèl sou sitiyasyon Alix Laurent oswa sou demach ki ta fèt pou jwenn liberasyon li.
—Konsèy Elektoral Pwovizwa a raple pati, gwoupman politik yo ak kandida yo ke kanpay elektoral la poko kòmanse ofisyèlman.
Nan yon nòt li pibliye 28 septanm, KEP la site atik 193 nan dekrè elektoral 2 jen 2026 la, ki prevwa se li menm ki dwe fikse epi anonse peryòd ofisyèl kanpay la.
Enstitisyon an mande tout aktè politik yo pou yo evite aktivite ki ka konsidere kòm kanpay anvan dat ofisyèl la. Rapèl sa a vini pandan kèk estrikti politik deja ap òganize rasanbleman piblik.
KEP la mande tout pati ak kandida yo respekte lwa ak règ elektoral yo, pou ede garanti yon pwosesis elektoral ki kalm, ekitab ak òdone.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp
