Gresye: Plizyè bandi mouri nan operasyon
6 bandi mouri, 5 zam sezi nan Pòtoprens
Ka kidnaping yo kontinye ap ogmante ann Ayiti. Nan mwens pase 48 èdtan, omwen twa pèsonalite, ansanm ak de polisye ki t ap asire sekirite youn nan viktim yo, kidnape, dapre dènye enfòmasyon yo.
Jounalis Wesly Renaud Jean kidnape nan Dèlma 31, dimanch 6 septanm 2026. Pou kounye a, detay sou sikonstans kidnaping li an poko disponib.
Nan depatman Latibonit, nan Gwomòn, gwoup moun ame kidnape Stéphanie Paultre, direktris jeneral ONAPE a. De polisye ki t ap pwoteje l yo ansanm ak Mèt Caleb Jean-Baptiste, ki t ap akonpaye l, kidnape tou.
Stéphanie Paultre te ale nan zòn nan pou l patisipe nan seremoni ofisyèl ouvèti ane akademik 2026-2027 la.
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li touye 6 moun li prezante kòm bandi pandan yon operasyon ki te fèt dimanch swa, 6 septanm, nan zòn estad Sylvio Cator.
Dapre PNH la, fòs lòd yo sezi 5 zam long ansanm ak lòt materyèl pandan operasyon an.
Polis la esplike operasyon sa a fè pati aksyon inite espesyalize li yo ap mennen pou retabli lòd epi ranfòse sekirite nan peyi a. PNH la di inite sa yo rete mobilize pou yo kontinye operasyon kont gwoup ame yo.
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye operasyon li yo nan plizyè zòn nan Gresye pou l reprann kontwòl espas gwoup ame yo okipe epi amelyore sekirite a.
Dapre PNH la, nan dat 7 septanm nan, fòs lòd yo antre nan sektè gang San Fwontyè te kontwole a epi yo pran kontwòl li. Yo fè operasyon tou nan plizyè lòt pozisyon gwoup ame yo, sitou bò ri Apolon, teren foutbòl pak Sen Jan, komisarya Gresye ak legliz evanjelik Betèl la.
Sou Wout Nasyonal Nimewo 2 (RN2), polis la demantle plizyè barikad ki te bloke wout la, nan objektif pou fasilite sikilasyon an.
PNH la di li ranfòse prezans polisye yo nan plizyè katye epi li kontinye itilize divès taktik pou l reprann kontwòl zòn ki anba men gwoup ame yo. Enstitisyon an rapòte tou gen kèk prezime bandi ki mouri, pandan lòt yo kouri kite zòn nan.
Nouvèl anbasadris Syèd la ann Ayiti, Maria Valesco, remèt lèt kreyans li bay Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, nan yon seremoni ofisyèl ki te fèt nan Pòtoprens, madi 8 septanm 2026.
Seremoni an make kòmansman misyon diplomatik Maria Valesco nan peyi a. Toulède pati yo eksprime volonte yo pou ranfòse relasyon zanmitay ak koperasyon ant Ayiti ak Syèd.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp


