—Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) lanse jedi 30 jiyè 2026 la operasyon enskripsyon elektè nan depatman Lwès la. Dis Sant Enskripsyon ak Vòt (CIV) louvri nan komin Pétion-Ville, Delmas ak Tabarre pou pèmèt sitwayen yo enskri pou pwochen eleksyon yo.
Seremoni lansman an fèt nan Lycée National de Pétion-Ville, avèk prezans responsab elektoral ak reprezantan medya yo. CEP fè konnen enskripsyon an se yon etap obligatwa pou tout moun ki gen kat idantifikasyon nasyonal valab e ki vle patisipe nan vòt yo.
Enstitisyon an ankouraje sitwayen ki kalifye yo pou yo ale nan sant ki pi pre yo pou fè enskripsyon yo. CEP deklare li angaje l pou òganize yon pwosesis elektoral ki transparan, enklizif ak san patipri.
—Anbasadè Lafrans ann Ayiti, Antoine Michon, ki pral fini misyon li apre de (2) ane, deklare avni Ayiti depann anvan tout bagay de Ayisyen yo menm. Li rekonèt peyi a ap travèse youn nan peryòd ki pi difisil li yo akòz ensekirite, feblès enstitisyon yo ak kriz politik la, men li kwè gen espwa si pèp la, dirijan yo ak elit yo pran responsablite yo.
Dapre li, èd entènasyonal ka sipòte Ayiti, men li pa ka ranplase volonte nasyonal ni konstwi peyi a nan plas Ayisyen yo. Li ensiste sou nesesite pou fè gwo refòm nan fason Leta jere finans piblik yo, ranfòse enstitisyon yo, diminye depandans sou èd etranje, epi òganize eleksyon nan yon klima ki estab.
Antoine Michon mande tou pou yon nouvo jenerasyon lidè ki mete enterè peyi a ak byennèt popilasyon an an premye. Pou li, chanjman an posib sèlman si Ayisyen yo pran angajman pou konstwi yon Leta ki pi solid, enstitisyon ki pi kredib ak yon gouvènans ki sèvi enterè jeneral la.
—Anbasadè Lafrans ann Ayiti, Antoine Michon, deklare ensekirite peyi a pa sèlman soti nan gang yo, men tou nan koripsyon, enpinite ak feblès sistèm jistis la. Li di anpil moun ki gen pouvwa nan leta ak nan ekonomi an, li rele « kriminèl ak kravat », kontinye pwofite pandan yo pa janm rann kont.
Dapre li, Ayiti bezwen yon gwo chanjman pou konbat koripsyon, kraze rezo mafya yo, epi ranfòse lajistis. Li kritike lefèt ke anpil dosye tankou trafik zam, dwòg ak detounman lajan piblik pa janm mennen devan tribinal. Li estime san yon jistis ki solid ak yon volonte politik reyèl pou pini moun ki koupab, peyi a pap ka retabli sekirite ni rebati konfyans sitwayen yo nan leta.
—Nasyonzini lanse yon avètisman sou gwo ogmantasyon vyolans seksyèl ann Ayiti. Ant mwa avril ak jen 2026, plis pase 3,000 ka vyolans ki baze sou sèks te anrejistre, ladan yo plis pase 1,000 sèlman pou mwa jen. Nan premye sis mwa ane a, yo rapòte anviwon 5,500 ka, sa ki montre sitiyasyon an vin pi grav pase ane 2025.
Anviwon 70% nan ka yo se vyòl, e anpil ladan yo ta fèt anba men gwoup ame. Pi fò viktim yo se fanm ak tifi ki te oblije kite kay yo akoz vyolans gang yo. Nasyonzini fè konnen plis pase 1.4 milyon Ayisyen deplase, epi anpil ap viv nan kan ki pa gen ase sekirite, sa ki ogmante risk pou yo sibi agresyon seksyèl.
—Jedi 30 jiyè 2026, Direktè Jeneral Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a prezante yon plan pou amelyore Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an. Pwojè a vize ogmante kapasite ayewopò a pou resevwa plis pasaje epi amelyore sèvis yo.
Gouvènman an fè konnen inisyativ sa a fè pati yon pwogram modènizasyon enfrastrikti transpò yo, ak objektif pou mete ayewopò a nan nivo estanda entènasyonal, ankouraje devlopman ekonomik nan Gran Nò a, fasilite echanj yo, epi atire plis envestisman. Sepandan, otorite yo poko anonse ni dat kòmansman travay yo ni bidjè pwojè a.
—Inivèsite Piblik Nò a nan Kap Ayisyen (UPNCH) selebre 20 ane Rezo Inivèsite Piblik Depatmantal yo (UPD) nan yon seremoni ki te rasanble responsab inivèsite, pwofesè, etidyan, patnè ak reprezantan leta.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé felisite travay inivèsite sa yo k ap fasilite aksè ak edikasyon siperyè pou jèn nan depatman yo. Li souliye wòl yo nan fòmasyon, rechèch ak inovasyon, pandan li rekonèt difikilte rezo a ap rankontre, tankou mank finansman, enfrastrikti ak pwoblèm fonksyònman.
Seremoni an te bay omaj ak Konsèy Rektè Inivèsite Piblik Depatmantal yo, pwofesè, chèchè, anplwaye ak etidyan ki kontribye nan devlopman rezo a pandan 20 ane sa yo.
Depi kreyasyon li, rezo a gen objektif pou pote edikasyon siperyè pi pre popilasyon ki andeyò Pòtoprens epi kontinye fòme konpetans ki nesesè pou devlopman Ayiti.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp


