—Gang ame Kokorat San Ras ak Gran Grif kontinye elaji kontwòl yo nan depatman Latibonit. Nan apremidi madi 28 jiyè 2026 la, yo antre nan komin Saint-Michel-de-l’Attalaye, kote yo fè vyolans sou popilasyon an.
Plizyè zòn tankou Mamon ak Nan Paul, nan 7yèm seksyon kominal la, sibi atak gang yo. Bandi yo pran machin, motosiklèt, telefòn ak lajan nan men moun yo.
Jiska mèkredi maten an, lapolis poko rive reprann kontwòl zòn yo. Prezans gang yo lakoz anpil laperèz nan katye ki lwen yo ak nan sant vil la.
Apre depatman Lwès la, Latibonit rete youn nan zòn kote gwoup ame yo fè plis zak vyolans pandan dènye ane yo.
—Nan Mirebalais, dezameman gwoup oto-defans Back-Up Feray la, dimanch 26 jiyè 2026, make yon nouvo etap nan chèche retabli lapè. Komisyon pou lapè a espere wè gwoup ame ki lye ak Viv Ansanm yo retire epi moun ki te deplase yo retounen lakay yo.
Malgre espwa sa a, anpil defi rete: kesyon jistis, responsablite ak reparasyon poko jwenn repons. Sitiyasyon an sou teren an toujou rete konfizyon.
Jiskaprezan, ni Ministè Enteryè, ni Polis Nasyonal la, ni lòt otorite leta yo poko bay yon pozisyon ofisyèl sou plan retou deplase yo. Silans sa a kontinye ogmante dout ak enkyetid nan mitan popilasyon an.
—Òganizasyon Médecins Sans Frontières (MSF) rekòmanse aktivite li yo nan matènite Isaïe Jeanty, yo rele souvan Chancerelles, nan Cité Soleil, apre twa semèn fèmti akoz gwo batay ant gwoup ame.
Depi 14 jiyè 2026, lopital la ap fonksyone 24 èdtan sou 24, 7 jou sou 7, an kolaborasyon ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP). Men, aksè ak swen yo rete difisil akoz ensekirite a.
Matènite a te sispann aktivite li depi 19 jen apre plizyè jou afwontman ki te touche zòn lopital la dirèkteman. MSF te oblije kite espas la pou pwoteje pasyan ak pèsonèl li.
Vyolans yo te fòse anpil fanmi kite kay yo nan Cité Soleil. Gen moun ki pèdi lavi yo pandan konfli yo, epi plizyè lòt rete nan gwo difikilte.
—Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li pral kreye yon biwo èd sikolojik pou ajan li yo. Direktè jeneral enterimè a, André Jonas Vladimir Paraison, fè anons sa a pandan lansman Estrateji Nasyonal pou Sante Mantal nan Milieu Lekòl (SNSMMS) 28 jiyè 2026 la.
Pwogram sa a, ki fèt ak patisipasyon plizyè ministè ak enstitisyon leta, vize pwoteje sante mantal elèv yo atravè prevansyon, sansibilizasyon, ak sipò sikososyal. PNH la ap travay ak lekòl yo pou ede anpeche vyolans, idantifye elèv ki nan difikilte epi jere sitiyasyon ijans.
Anplis sa, nouvo biwo sipò sikolojik PNH la ap bay polisye yo asistans konfidansyèl pou ede yo fè fas ak estrès travay, evite twomatis sikolojik, depresyon ak risk swisid.
—Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak CARICOM felisite Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la pou piblikasyon kalandriye elektoral la ki fèt 27 jiyè 2026. Sekretè jeneral OEA a, Albert Ramdin, konsidere desizyon sa a kòm yon etap enpòtan pou retabli demokrasi ak lòd konstitisyonèl nan peyi a. Li mande tout aktè yo respekte dat 13 desanm 2026 la pou premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo.
CARICOM mande tout pati konsène yo patisipe nan pwosesis la pou ranfòse konfyans popilasyon an. Òganizasyon an mete aksan sou nesesite pou amelyore sitiyasyon sekirite a pou pèmèt eleksyon yo fèt nan bon kondisyon.
Sepandan, gen plizyè moun ak aktè politik ki rete dout sou posibilite pou òganize eleksyon yo anvan fen ane a. Yo fè konnen ensekirite a, sitou prezans gwoup ame nan plizyè zòn, rete yon gwo baryè.
—Administrasyon Trump lan ranfòse kontwòl imigrasyon nan ayewopò ameriken yo. Dapre New York Times, ajan imigrasyon an sivil ap arete kèk vwayajè ki depase dat validite viza yo dirèkteman nan ayewopò yo, bò kote kontwa anrejistreman oswa pòt anbakman.
Operasyon sa yo fèt nan plizyè ayewopò e yo konsène moun ki soti nan plizyè peyi, pami yo mari oswa madanm sitwayen ameriken ak kèk travayè nan sektè teknoloji.
Aksyon sa yo antre nan yon akò koperasyon ant TSA ak ICE pou bloke moun ki pa gen estati legal pou yo pa pran avyon, sof si yo deside kite peyi a volontèman.
Gouvènman Trump lan ap mennen yon politik pi sevè kont imigrasyon ilegal, ak objektif pou ogmante kantite arestasyon chak jou. Ranfòsman kontwòl nan ayewopò yo montre volonte administrasyon an pou li fè plis presyon sou moun ki rete Ozetazini san papye.
Ronald André
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp

