Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) anonse li mete fen nan kolaborasyon li ak antrenè seleksyon nasyonal la, Sébastien Migné. Dapre Federasyon an, separasyon an fèt nan yon akò mityèl ak nan respè.
Antrenè franse a kite pòs li apre li te ede Grenadye yo jwenn yon kalifikasyon istorik pou Koup di Mond FIFA 2026 la, sa ki te pèmèt Ayiti retounen nan konpetisyon sa a pou premye fwa depi 1974.
FHF remèsye Migné pou pwofesyonalis li, angajman li ak travay li, pandan li rekonèt kontribisyon li nan moman enpòtan sa a pou foutbòl ayisyen.
Federasyon an fè konnen li pral kontinye travay pou ranfòse estrikti ak pwofesyonalizasyon foutbòl peyi a anvan lòt defi seleksyon nasyonal la genyen.
Depa Migné a rive kèk semèn apre eliminasyon Ayiti nan Koup di Mond 2026 la, yon sitiyasyon ki te fè plizyè sipòtè ak obsèvatè mande pou gen chanjman nan tèt ekip nasyonal la.
Ansyen senatè Moïse Jean-Charles resevwa yon konvokasyon pou prezante devan Pakè Tribinal Premye Enstans Pòtoprens jedi 16 jiyè 2026 a, a 10 è. Dapre komisè gouvènman an, Jean Fritz Patterson Dorval, konvokasyon an fèt apre kèk deklarasyon li te fè sou rezo sosyal yo, ke otorite yo konsidere kapab twouble lòd piblik ak lapè sosyal.
Konvokasyon an rive nan yon kontèks politik ki chaje tansyon, apre Moïse Jean-Charles te anonse yon mobilizasyon li rele “Dechoukaj” kont Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Men, nan lèt ofisyèl la, Pakè a pa di klèman se deklarasyon sa yo ki pral fè sijè odyans lan; li sèlman fè konnen se deklarasyon ki te pibliye sou rezo sosyal yo ki jistifye konvokasyon an.
Nan dat 13 jiyè 2026, ekriven ak akademisyen ayisyen Dany Laferrière te rankontre etidyan Inivèsite Leta Ayiti (UEH) pou pale sou tèm “Anfans yon ekriven”. Li te rakonte eksperyans li, fason li ekri, epi li te montre enpòtans memwa ak istwa fanmi nan travay literè li.
Li eksplike liv L’Odeur du café soti nan souvni anfans li nan Piti Gwav, sitou gras ak grann li, Da, ki te konn rakonte anpil istwa. Dapre li, senplisite se youn nan pi gwo fòs nan ekriti, paske yon fraz senp ka touche lektè a anpil.
Dany Laferrière te ankouraje jèn ekriven yo pou yo obsève lavi, montre olye yo esplike twòp, epi toujou chèche senplisite nan sa y ap ekri. Li te di tou yon ekriven pa dwe kite pwoblèm lavi fè l pèdi kapasite pou wè bote ak ti detay ki nan lavi chak jou.
Rektè UEH la, Dieuseul Prédélus, te souliye enpòtans pou inivèsite a kontinye valorize zèv ekriven ayisyen yo nan rechèch ak bibliyotèk li yo. Rankont la te fini ak yon sesyon kestyon-repons kote etidyan yo te diskite sou literati, memwa, kreyasyon ak wòl ekriven nan sosyete a.
Ayiti ap patisipe nan Konferans Mondyal UNESCO sou Syans pou Devlopman Dirab, ki ap fèt nan Pari soti 15 pou rive 17 jiyè 2026. Minis Anviwònman an, Valéry Fils-Aimé, reprezante peyi a nan rankont sa a.
Pandan konferans lan, li pral prezante efò Ayiti ap fè pou ranfòse rezistans kont chanjman klimatik, amelyore jesyon anviwònman an, epi sèvi ak syans pou ede pran pi bon desizyon nan politik piblik.
Patisipasyon sa a montre tou bonjan kolaborasyon ki genyen ant Ayiti ak UNESCO atravè plizyè pwojè, tankou edikasyon sou anviwònman ak adaptasyon ak chanjman klimatik nan lekòl yo.
Gouvènman an fè konnen anviwònman se youn nan pi gwo priyorite li pou ankouraje devlopman dirab, pwoteje kominote yo, epi sipòte relans ekonomik peyi a.
Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak UNICEF mande gwoup ame yo sispann itilize timoun nan aktivite vyolans yo. Apèl sa a fèt apre yon rapò Nasyonzini ki mete plizyè gang ayisyen sou lis moun ki komèt gwo vyolasyon kont timoun.
Rapò a site gang tankou Gran Grif, Kraze Baryè ak 400 Mawozo, ansanm ak kowalisyon Viv Ansanm, kòm responsab zak grav. An 2025, Nasyonzini verifye 2 088 vyolasyon kont 1 661 timoun ann Ayiti, pami yo rekritman 892 timoun, asasina, blesi grav, vyolans seksyèl, kidnaping ak atak sou lekòl ak lopital.
BINUH ak UNICEF mande pou timoun ki nan gwoup ame yo lage epi yo ensiste pou yo trete timoun sa yo kòm viktim ki bezwen pwoteksyon ak sipò espesyal.
Bès pri transpò piblik otorite yo anonse a lakòz anpil reyaksyon nan mitan chofè ak sendika yo. Nouvo tarif yo diminye kèk pri, tankou trajè Petyonvil–Sant Vil la ki desann a 65 goud, Petyonvil–Delma a 75 goud, elatriye.
Chofè yo kritike mezi a. Yo di pri sa yo pa pran an kont depans gaz, pyès machin ak lavi chè a. Sendika yo menase pou yo kontinye oswa ranfòse grèv la si otorite yo pa chanje desizyon an.
Otorite yo mande chofè yo respekte nouvo pri yo epi yo ankouraje pasaje yo denonse nenpòt moun ki fè yo peye plis pase tarif ofisyèl yo.
Nan entènasyonal la
Donald Trump abandone lide pou mete yon taks 20 % sou bato k ap pase nan Detwa Òrmiz la. Olye de sa, li chwazi chèche akò komèsyal ak gwo envestisman nan men peyi Gòlf yo pou ranfòse relasyon ekonomik ak Etazini.
Detwa Òrmiz la rete yon zòn estratejik anpil, paske anviwon yon senkyèm nan petwòl mondyal la pase ladan l chak jou. Trump di pasaj maritim lan dwe rete ouvè pou komès entènasyonal, men li fè konnen Iran ka pa benefisye menm libète sa a.
Desizyon sa a vini nan yon moman kote tansyon militè ant Etazini ak Iran ap ogmante. Iran, bò kote pa li, kontinye reklame otorite li sou detwa a epi li di li gen dwa kontwole pasaj sa a.
Ronald Andre
📲 Rejoignez Le Quotidien 509
Recevez nos dernières nouvelles directement sur votre téléphone via notre chaîne WhatsApp officielle.
🚀 Rejoindre la chaîne WhatsApp


