Gwo tansyon nan Kanapevè, Delmas ak Pétion-Ville
Plizyè zòn nan depatman Lwès la te frape ak gwo mouvman pwotestasyon jodi lendi 24 fevriye 2025 la, espesyalman nan Canapé-Vert, Delmas ak Pétion-Ville.
Nan komin Delmas ak Pétion-Ville, popilasyon an manifeste pou mande restorasyon lapè ak sekirite pou yo ka kontinye ak aktivite yo san pè. Plizyè santèn moun te mache nan lari ak revandikasyon sa yo.
Nan Canapé-Vert, tansyon an te wo tou, kote rezidan yo te pran lari pou montre mekontantman yo apre rimè te gaye sou yon arestasyon iminan yon manm nan brigad lokal yo.
Dapre enfòmasyon ki disponib, plizyè moun deja depoze plent kont misye nan Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) pou divès krim. Youn nan viktim yo se yon motosiklis ki gen papa l se yon enspektè polis.
Sitiyasyon sa a te paralize sikilasyon an pandan plizyè èdtan nan Canapé-Vert.
Ofisye polis SPNH-17 manifeste kont ensekirite epi mande pi bon kondisyon travay
Jodi lendi 24 fevriye 2025 la, ajan nan Sendika Polis Nasyonal Ayisyen (SPNH-17) òganize yon mach devan Villa d’Accueil ak Rezidans ofisyèl Premye Minis la pou denonse ogmantasyon ensekirite nan peyi a.
Nan inifòm ak jilè anti-bal sou yo, polisye sendike yo te pote pankat pou mete aksan sou revandikasyon yo. Yo mande Kòmandman Chèf PNH la, Premye Minis la ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyonèl la (CPT) pou yo mete bon kondisyon travay ak ekipman adekwat pou ede yo fè travay yo pi byen.
Yon polisye Kenyan mouri anba bal gwoup nèg ak zam nan Latibonit
Yon polisye Kenyan mouri dimanch 23 fevriye 2025 la, apre li te blese anba bal pandan yon operasyon fòs lòd yo t ap mennen nan Ponsonde, Latibonit.
Se pòtpawòl Misyon Miltinasyonal la, Jack Ombaka, ki konfime lanmò polisye a nan yon kominike pou laprès.
Daprè misyon an, polisye a te blese nan lokalite Segur, nan zòn Savyen. Malgre yo te evakye l rapidman pou l te ka resevwa swen medikal, li pa t ka siviv.
Sa a se premye fwa fòs miltinasyonal la, ki gen plis pase 1,000 polisye ki soti nan anviwon senk peyi, pèdi youn nan manm li yo.
Dwa jou anvan lanmò polisye sa a, kòmandan MMS la, Godfrey Otunge, te deklare nan yon kominike ke misyon an poko pèdi okenn manm nan okenn operasyon an Ayiti.
Zòn kote polisye Kenyan an te blese a se teritwa gang Gran Grif la, ki gen Luckson Élan kòm chèf li.
Komisè Jean Ernest Muscadin sou dosye ansyen senatè Nenel Cassy
Lè yo mande komisè Jean Ernest Muscadin opinyon li sou ansyen senatè Nenel Cassy, ki sou lis rechèch Lapolis Jidisyè (DCPJ), li fè konnen li p ap tolere okenn sanzatann nan jiridiksyon li.
DCPJ ap chache ansyen senatè a pou swadizan lyen li ak gwoup ame k ap simen laterè nan popilasyon an. Muscadin di li pare pou kolabore ak DCPJ, espesyalman si Cassy ta mete pye nan Nip.
“Si DCPJ ap chèche yon moun epi mwen jwenn li, m ap arete l si li pa montre rezistans. Mwen se yon komisè k ap travay. Mete konfyans nan mwen,” se sa Muscadin te deklare pandan yon entèvyou nan Sid la lendi 24 fevriye 2025.
Ansyen depite Jacques Beauvil mouri nan yon otèl nan Pétion-Ville
Jacques Beauvil, ansyen depite 50yèm lejislati pou komin Kafou, yo jwenn li mouri bonè samdi maten nan yon chanm otèl Doux Séjour, ki chita nan Pétion-Ville.
Jiskaprezan, sikonstans lanmò li rete enkoni. Otorite lokal yo ouvri yon ankèt pou detèmine kòz egzak lanmò ansyen palmantè a.